Plizyè òganizasyon de baz, pwofesyonèl agrikòl ak manm sosyete sivil nan komin Tomond leve lavwa pou denonse sa yo konsidere kòm move jesyon ak diskriminasyon nan kad yon pwojè ijans FAO ap finanse nan komin nan. Denonsyasyon an fèt atravè yon nòt piblik Asosyasyon Pwofesyonèl Agrikòl Tomond (APATH) pibliye 10 me 2026.
Nan dokiman an, signatè yo akize responsab Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant lan (DDAC) ansanm ak BAC Tomond dèske yo pa respekte kritè rekritman ki te etabli pou pwojè a. Yo fè konnen, olye responsab yo bay jèn ak pwofesyonèl ki soti Tomond yo opòtinite travay la, yo pito favorize pwòch, zanmi ak moun ki soti nan lòt komin.
Daprè APATH, sitiyasyon sa a kreye anpil fristrasyon nan mitan popilasyon an, espesyalman lakay jèn ki te prepare tèt yo pou sèvi komin yo. Òganizasyon an estime pratik sa yo montre yon mank respè total anvè kapasite ak diyite pitit Tomond yo.
Nan nòt la, plizyè kestyon poze sou fason otorite yo kontinye mete moun lokal yo sou kote nan pwojè ak aktivite k ap fèt nan komin nan. “Èske kad Tomond yo pa gen konpetans nesesè pou fè travay sa yo ? Èske jèn Tomond ki etidye yo pa gen dwa jwenn opòtinite travay lakay yo ?” se kèk nan kestyon ki soulve nan dokiman an.
Responsab òganizasyon yo raple tou avi rekritman an te klèman presize ajan ankèt yo te dwe sòti oswa rete nan seksyon kominal ki konsène yo. Yo fè konnen kondisyon sa a sanble pa respekte nan pwosesis rekritman an.
Fòs viv komin nan mande plis transparans nan jesyon pwojè a epi egzije pou resous imen lokal yo jwenn konsiderasyon yo merite. Pou kounye a, ni DDAC, ni BAC Tomond, ni FAO Ayiti poko reyaji piblikman sou akizasyon sa yo.