Opinyon

Depi plizyè mwa,popilasyon Mibalè ak Sodo ap viv anba gwo tansyon, laperèz ak blokaj ki afekte lavi sosyal ak ekonomik yo chak jou pi plis. Sitiyasyon sa a pa sèlman tounen yon kestyon sekirite ; li tounen senbòl yon peyi ki sanble ap pèdi kapasite pou mete tèt ansanm lè enterè nasyonal la mande sa. Pandan moun yo ap tann aksyon konkrè pou reprann kontwòl espas sa yo, plizyè lidè politik ak aktè enfliyan kontinye ap pwopoze plan pa yo, estrateji pa yo ak vizyon pa yo, men san okenn volonte reyèl pou konstwi yon sèl altènativ kolektif.

Sa ki plis frape opinyon piblik la, se kantite divizyon ki egziste menm nan mitan moun ki di yo gen menm objektif la. Chak moun vle parèt kòm solisyon an. Chak mouvman vle vin referans lan. Chak lidè vle make teritwa politik pa li. Konsa, kestyon liberasyon Mibalè ak Sodo a vin pran fòm yon konpetisyon politik olye li tounen yon dosye nasyonal ki mande inite, matirite ak depase ego pèsonèl.

Verite a sèke Ayiti pa manke moun ki gen eksperyans oubyen enfliyans. Men sa peyi a manke depi lontan, se kapasite pou rasanble fòs yo alantou yon minimòm konsansis. Se youn nan gwo feblès sistèm politik ayisyen an : chak kriz vin tounen okazyon pou rivalite, pou kalkil politik oubyen pou chèche ranfòse popilarite pèsonèl. E pandan tan sa a, popilasyon an rete nan doulè, ensekirite ak dezespwa.

Mibalè ak Sodo pa bezwen sèlman gwo deklarasyon nan mikwo. Yo bezwen rezilta. Yo bezwen aksyon kowòdone. Yo bezwen yon plan serye kote tout moun dakò mete enterè peyi a pi wo pase enterè gwoup oubyen enterè elektoral. Paske kestyon an depase kestyon politik ; li konsène lavi plizyè milye fanmi, sikilasyon moun, aktivite ekonomik ak estabilite tout depatman Sant lan.

Sa ki vin pi grav toujou, se lefèt ke popilasyon an kòmanse pèdi konfyans nan klas politik la. Anpil moun santi se menm diskou yo k ap repete pandan reyalite a pa janm chanje. Se tankou chak lidè gen pwòp Ayiti pa li nan tèt li, pandan peyi reyèl la ap kontinye tonbe anba kriz. Divizyon sa yo vin bay yon mesaj danjere : menm lè tout moun dakò sou pwoblèm nan, yo toujou pa kapab dakò sou fason pou sove peyi a ansanm.
Nan anpil lòt peyi, gwo kriz konn fòse rival politik mete diferans yo sou kote pou sove enterè nasyonal la.

Men an Ayiti, se souvan kontrè a ki rive. Chak moun rete nan pozisyon pa li, chak gwoup rete fèmen sou kalkil pa li. Konsa, kestyon kolektif yo vin kraze anba pwa anbisyon endividyèl yo.
Jodi a, kestyon popilasyon an ap poze pa sèlman kilè Mibalè ak Sodo pral libere. Men pito : èske lidè politik ayisyen yo vrèman pare pou konstwi ansanm ? Paske san yon minimòm inite ak volonte kolektif, okenn plan pap janm rive bay rezilta dirab.

Ekri pa : Jean Launy AVRIL

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar