Gouvènman Kanada a anonse yon nouvo finansman 7.5 milyon dola kanadyen pou ranfòse kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan kad lit kont ensekirite ak vyolans gang yo k ap brase bil peyi a.
Anons lan fèt pa Minis Afè Etranjè Kanada a, Anita Anand, pandan reyinyon Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ki te dewoule nan Panama.
Finansman sa a fè pati yon pake èd 35 milyon dola kanadyen Kanada prevwa pou amelyore sekirite nan rejyon Karayib la.
Dapre enfòmasyon yo, lajan ki rezève pou Ayiti a pral sèvi pou renove epi ekipe yon sant fòmasyon modèn pou PNH. Li pral pèmèt tou mete sou pye pwogram fòmasyon taktik espesyalize pou amelyore kapasite polisye yo nan operasyon kont gang ame ak lòt menas sekiritè.
Yon lòt pati nan fon sa a pral sipòte pwojè devlopman nan zòn ki plis ekspoze ak vyolans yo. Objektif la se diminye ensekirite nan kominote yo, pandan y ap bay fanm ak jèn yo plis opòtinite pou evite tonbe anba enfliyans rezo kriminèl yo.
Kanada prevwa tou itilize yon pati nan finansman an pou soutni operasyon maritim konjwen ki vize bloke trafik ilegal zam ak dwòg k ap antre ann Ayiti pa lanmè. Otorite kanadyèn yo estime mezi sa yo kapab kontribye pou febli kapasite lojistik gang yo.
Nouvo angajman sa a montre volonte Kanada pou kontinye akonpaye Ayiti nan efò l ap fè pou retabli sekirite ak estabilite nan peyi a.