Dimanch 16 Dawout 2026 | N°00568

Association Sportive de Mirebalais, 26 lane konba, lit ak detèminasyon

Gen enstitisyon ki depase misyon yo pou yo vin tounen yon pati nan idantite yon kominote. Se egzakteman sa Association Sportive de Mirebalais, ASM, reprezante pou vil Mibalè ak depatman Sant lan. Depi 16 dawout 2000, dat klèb la monte nan premye divizyon foutbòl ayisyen an, ASM ap ekri youn nan pi bèl paj nan istwa espò rejyon an. Jodi a, 16 dawout 2026, klèb la selebre 26 lane prezans san rete nan elit foutbòl nasyonal la. Se 26 lane konba, lit, sakrifis ak detèminasyon.

Pandan plis pase de deseni, ASM montre yon ekip ki soti nan yon vil pwovens kapab fè gwo klèb yo respekte l. Chak sezon, jwè yo antre sou teren an ak yon sèl objektif, defann koulè Mibalè ak diyite depatman Sant lan. Klèb la pa sèlman chèche viktwa. Li bati yon eritaj ki chita sou disiplin, solidarite ak lanmou pou foutbòl.

Youn nan pi gwo fyète ASM se kapasite li pou fòme talan. Pandan ane yo, klèb la bay peyi a plizyè jwè ki rive briye anba koulè seleksyon nasyonal la ak nan chanpyona entènasyonal yo. Jeff Louis se youn nan pi gwo referans yo. Li rive fè yon bèl karyè an Ewòp pandan li te pote koulè Grenadye yo ak fyète. Jonel Désiré se yon lòt non ki soti nan lekòl ASM, yon atakan ki make pasaj li nan seleksyon nasyonal la ak nan plizyè klèb aletranje. Reyisit yo montre ASM se yon veritab sant fòmasyon ki kontinye alimante foutbòl ayisyen an ak nouvo jenerasyon jwè.

Kontribisyon ASM pa limite sèlman ak jwè yo. Klèb la fòme tou gwo teknisyen. Jean-Claude Josaphat se youn nan egzanp ki pi enpòtan yo. Apre li fin make pasaj li kòm antrenè, li rive dirije seleksyon nasyonal Ayiti pou yon peryòd, sa ki montre kalite travay ki fèt nan Mibalè pou devlope konpetans teknik nan foutbòl ayisyen an.

Dèyè tout reyalizasyon sa yo, gen fanm ak gason ki konsakre lavi yo pou fè ASM grandi. Pami yo, prezidan Gregory Chevry okipe yon plas espesyal. Avèk vizyon li, lidèchip li ak kapasite li pou mobilize resous yo, li kontinye pouse ASM rete konpetitif epi enpoze respè li nan divès konpetisyon nasyonal yo. Malgre difikilte ekonomik ak kriz ki frape espò ayisyen an, li kenbe menm anbisyon an, fè ASM rete yon modèl estabilite ak òganizasyon.

Pou popilasyon Mibalè a, ASM pa sèlman yon ekip foutbòl. Li se yon sous fyète, yon senbòl inite ak yon patrimwàn espòtif. Chak viktwa pote lajwa pou tout kominote a. Chak defèt tounen yon leson pou prepare pwochen batay la. Se relasyon sa a ki fè klèb la rete vivan nan kè plizyè jenerasyon sipòtè.

Selebrasyon 26 lane ASM nan premye divizyon an pa sèlman make kantite ane ki pase. Li salye rezistans yon enstitisyon ki toujou kanpe malgre tout difikilte peyi a konnen. Se 26 lane travay san pran souf. Se 26 lane fòmasyon jèn yo. Se 26 lane pasyon pou foutbòl. Se 26 lane kote ASM kontinye leve drapo Mibalè byen wo sou tout teren nan peyi a.

Ekri pa : Jean Launy AVRIL

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...