Chanselyè Ayisyen an, Raina FORBIN, resevwa, dimanch 16 out 2026 la, yon delegasyon wo nivo ki Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert R. RAMDIN dirije ansanm ak Sekretè Jeneral CARICOM nan, Carla BARNETT.

Delegasyon an gen ladan plizyè reprezantan patnè sistèm entè-ameriken an. Pami enstitisyon ki reprezante yo, genyen Bank Entè-Ameriken pou Devlopman (BID), Bank Devlopman Amerik Latin ak Karayib la (CAF), Òganizasyon Panameriken Lasante (OPS), Jidisyè Entè-Ameriken pou Defans (JID) ak ICA, ansanm ak reprezantan Nasyonzini.

Vizit delegasyon sa a antre nan kad ranfòsman dyalòg ak koperasyon ant Ayiti ak patnè entènasyonal li yo. Prezans plizyè enstitisyon rejyonal ak entènasyonal nan delegasyon an montre enpòtans kominote entènasyonal la bay sitiyasyon Ayiti ak nesesite pou kontinye kowòdone efò yo.

Dapre yon nòt Ministè Afè Etranjè Ayisyen an (@MAE_Haiti), manm delegasyon an ap rete ann Ayiti pandan plizyè jou. Yo prevwa delegasyon an ap kite peyi a mèkredi 19 out 2026.

Vizit la fèt nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak plizyè defi, sa ki mete koperasyon ak sipò patnè entènasyonal yo nan mitan gwo priyorite peyi a.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...