Yon match foutbòl pa janm sèlman yon kestyon espòtif. Nou kapab renmen oswa pa renmen lide sa a, men listwa foutbòl montre teren an souvan tounen yon espas kote memwa kolektif, rivalite istorik, kestyon teritoryal, diplomasi, idantite ak fyète nasyonal jwenn yon lòt fòm ekspresyon. Lè de peyi ki genyen yon pase konplike rankontre sou yon teren, jwè yo ka vin jwe yon match, men sosyete yo pafwa wè plis pase yon balon k ap woule pandan 90 minit.

Nou kapab pran plizyè egzanp. Lè Ajantin ak Angletè rankontre, kestyon zile Malvinas/Falkland yo toujou fè pati memwa istorik ki antoure rivalite a. Lè Etazini ak Iran rankontre nan yon coupe du Monde, match la kapab pran yon dimansyon ki depase foutbòl akoz plizyè dizèn ane tansyon diplomatik ant de peyi yo. Gen lòt rivalite entènasyonal kote istwa, fwontyè, lagè, migrasyon oswa kestyon idantitè antre nan fason popilasyon yo resevwa yon rankont. Sa pa vle di jwè yo ap mennen lagè sou teren an. Sa vle di espò a pa egziste deyò sosyete ki pwodui li.

Se nan lojik sa a mwen kwè nou dwe analize yon match ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Nou pa kapab efase listwa de peyi yo, kestyon migrasyon yo, relasyon sou fwontyè a, diferans ekonomik yo ak tout deba ki regilyèman travèse relasyon ayisyano-dominikèn yo. Men nou pa dwe sèvi ak listwa sa a pou ankouraje rayisman ant de pèp yo nonplis. Okontrè, li dwe pèmèt nou konprann poukisa kèk pawòl, kèk jès oswa kèk rezilta espòtif kapab pran yon siyifikasyon ki pi laj pase match la.

Se poutèt sa deklarasyon Wilson ISIDOR a kapab li nan plizyè nivo. Gen nivo espòtif la, men genyen tou kestyon fyète, reprezantasyon ak konsyans kolektif. Yon jwè ekip nasyonal pote yon mayo, men mayo sa a pote koulè yon peyi. Se poutèt sa pawòl yon jwè kapab jwenn yon rezonans ki depase espò a, sitou lè li pale nan yon kontèks kote peyi li ap travèse yon kriz pwofon.

Men se la mwen ta renmen deplase deba a. Si foutbòl kapab reveye fyète nasyonal, kestyon nou dwe poze a se kisa nou fè ak fyète sa a apre match la. Nou kapab bat yon lòt seleksyon. Nou kapab selebre. Nou kapab leve drapo. Men si ekip nasyonal nou an toujou oblije chèche yon teren lòt bò dlo pou resevwa pwòp match li, genyen yon kestyon fondamantal ki rete san repons.

Kesyon sa a depase foutbòl. Li konsène sekirite, enfrastrikti, politik espòtif, amenajman teritwa ak kapasite Leta. Si Pòtoprens pa kapab resevwa yon match, poukisa peyi a pa devlope lòt sant espòtif nan Kap Ayisyen, Okay, Gonayiv, Jakmèl oswa lòt vil? Poukisa yon peyi antye dwe vin depann de yon sèl espas pou òganize gwo evènman espòtif?

Se la mwen wè vrè defi a. Li pa sifi pou nou mande jwè yo defann koulè peyi a. Leta dwe kreye kondisyon pou koulè sa yo kapab defann lakay nou tou.

Se poutèt sa, lè nou di yon match foutbòl pa sèlman foutbòl, nou pa bezwen fè match la tounen yon lagè. Nou dwe konprann sa foutbòl revele sou sosyete nou yo. Li kapab revele memwa nou, rivalite nou, fyète nou, feblès nou ak menm kapasite enstitisyon nou yo.

Nou kapab pa dakò ak yon deklarasyon. Nou kapab kritike fason yon jwè eksprime yon lide. Men nou pa kapab retire foutbòl nan reyalite politik, istorik ak sosyal kote li egziste.

Pafwa, 90 minit sou yon teren rive di anpil bagay sou yon peyi.

E pou Ayiti, kestyon ki pi enpòtan an rete devan nou : kilè Grenadye yo ap kapab defann koulè ble ak wouj la ankò devan pwòp pèp yo, sou pwòp tè yo?

Jean Launy Avril
Editoryalis – Centre à la UNE
Dimanch 04 oktòb 2026

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841