Editoryal
Vendredi 02 oktòb | 00587
Ekri pa: Jean Launy Avril

Gen yon vye pawòl ki travèse jenerasyon yo: Depi nan Ginen, nèg pa vle wè nèg. Pawòl la brital, li kapab deranje, e nou pa dwe pran li tankou yon verite syantifik sou pèp ayisyen an. Men nou kapab sèvi avè l tankou yon glas pou kestyonnen youn nan feblès ki parèt twò souvan nan lavi kolektif nou: difikilte pou nou konstwi ansanm, grandi ansanm epi rete ansanm lè enterè, ego ak anbisyon kòmanse antre nan jwèt la. Gade konbyen asosyasyon ki kòmanse ak dis moun epi fini ak senk ti gwoup; konbyen òganizasyon ki fann paske de moun pa kapab dakò sou kiyès ki dwe dirije; konbyen pwojè ki mouri pa paske lide a pa t bon, men paske chak moun te vle vin pwopriyetè lide a; konbyen estrikti ki pa rive siviv fondatè yo paske yo te konstwi tout bagay alantou yon moun olye yo te konstwi yon enstitisyon. Nou sanble pafwa pi fasil reyini pou kòmanse pase pou kontinye. Depi pwojè a kòmanse grandi, olye kestyon an se “kijan nou fè l pi solid?”, li konn tounen “poukisa se pa mwen ki chèf?” E depi repons lan pa satisfè ego a, yon lòt asosyasyon fèt, yon lòt gwoup parèt, yon lòt estrikti leve. Se konsa nou kapab fini ak yon forè òganizasyon san nou pa rive konstwi enstitisyon ki gen rasin.

Fenomen sa a pa rete sèlman nan asosyasyon; li parèt tou nan fason yon pati nan lavi politik, ekonomik ak sosyal nou òganize. Diferans lide se yon bagay ki nòmal e menm nesesè nan demokrasi; kreye yon nouvo òganizasyon pa yon fot an li menm. Men lè chak dezakò oblije pwodui yon separasyon, lè chak anbisyon bezwen pwòp estrikti pa li, lè chak moun ki pran eksperyans santi pwochen etap la se oblije vin chèf pa li, nou gen dwa mande si se pa kilti enstitisyon an menm ki fèb. Yon peyi pa konstwi sèlman ak moun entèlijan; li konstwi ak moun entèlijan ki kapab mete entèlijans yo ansanm. Li pa avanse sèlman paske li genyen anpil lidè; li avanse lè lidè yo kapab konprann pafwa pi gwo lidèchip la se fè yon pwojè grandi menm lè non pa w pa ekri pi gwo sou pòt la. Se menm kestyon sa ki parèt devan nou lè nou wè kantite estrikti politik, mouvman ak gwoup ki kapab egziste pandan pwojè sosyete ki klè yo rete difisil pou idantifye. Si chak moun bezwen pwòp pati pa li, pwòp òganizasyon pa li, pwòp mikwo pa li, pwòp ti wayòm pa li, nou kapab genyen anpil chèf, anpil logo, anpil drapo ak anpil biwo, men toujou pa genyen yon direksyon kolektif. Yon pakèt ti kannòt k ap navige chak bò pa otomatikman fè yon bato; pafwa se jis anpil moun sou menm lanmè a ki pa dakò sou ki pò yo vle rive.

Se poutèt sa kestyon “nèg pa vle wè nèg” la pa dwe sèvi pou kondane nou; li dwe sèvi pou reveye nou. Petèt pwoblèm nan pa yon swadizan enkapasite natirèl Ayisyen pou travay ansanm; petèt se paske nou poko devlope ase yon kilti kote dezakò pa vle di lènmi, kote siksè yon lòt pa vle di echèk pa nou, kote lidèchip pa vle di pwopriyetè, kote yon moun kapab dezyèm san li pa santi li diminye, epi kote yon enstitisyon kapab pi enpòtan pase moun k ap dirije l la. Nou dwe aprann pa dakò san nou pa detwi, fè konpetisyon san nou pa sabote, grandi san nou pa oblije kraze kote nou soti a, epi reyisi san nou pa bezwen swete lòt la echwe. Paske kestyon demen Ayiti a pa sèlman kiyès ki pral prezidan, kiyès ki pral minis, kiyès ki pral direktè oswa kiyès ki pral chèf. K kestyon ki pi pwofon an se: èske nou kapab finalman konstwi yon bagay ansanm ki pi gwo pase chak grenn moun ladan nou? Si chak fwa yon branch grandi li deside li pa bezwen pyebwa a ankò, n ap toujou genyen branch atè, men nou pap janm genyen forè. E petèt se la youn nan pi gwo revolisyon Ayiti bezwen an dwe kòmanse: aprann konprann lòt Ayisyen an pa kòm yon moun pou nou depase, elimine oswa ranplase, men kòm yon fòs nou kapab mete bò kote pa nou pou konstwi sa okenn nan nou pa kapab konstwi poukont li.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis — Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841