Kategori : Editoryal
Lendi 17 Dawout 2026 | N°00569
Ekri pa : Jean Launy AVRIL
Lè kandida yo pa konnen misyon yo, demokrasi a vin pèdi sans li
Depi plizyè semèn, kestyon eleksyon an tounen sant tout diskisyon politik ann Ayiti. Gen dat ki anonse, gen kalandriye k ap prepare, gen aktè politik ki deja kòmanse mete tèt yo deyò kòm kandida. Men, anvan menm nou rive pale sou ki moun ki pral genyen eleksyon yo, gen yon kestyon fondamantal sosyete ayisyèn nan ta dwe poze tèt li. Èske moun k ap mande vòt popilasyon an vrèman konnen fonksyon yo vle okipe a? Èske yo konprann limit, responsablite ak obligasyon ki mache ak chak pòs elektif? Paske, si yon moun pa konnen misyon fonksyon li anvan li rive sou pouvwa, li difisil pou l reyalize objektif popilasyon an te vote pou li a. Se pa sèlman kestyon onètete oswa bon volonte. Se kestyon konpetans, preparasyon ak konpreyansyon sou fonksyònman Leta.
Ayiti òganize eleksyon jeneral pou plizyè kategori responsab. Pèp la vote pou ASEC, CASEC, delege vil, majistra, depite, senatè ak Prezidan Repiblik la. Chak youn nan fonksyon sa yo gen atribisyon pa yo ki ekri nan Konstitisyon an ak nan lwa peyi a. Men, reyalite politik ayisyèn nan montre nou ke anpil kandida antre nan konpetisyon elektoral la san yo pa janm pran tan pou etidye misyon pòs y ap chèche a. Souvan, se popilarite, kapasite pou fè gwo reyinyon, relasyon fanmi oswa enfliyans ekonomik ki ranplase konesans sou administrasyon piblik. Se konsa nou rive eli anpil moun ki dekouvri responsablite yo sèlman apre yo fin prete sèman.
Sa eksplike poukisa anpil manda fini san gwo rezilta. Lè yon moun rive nan yon fonksyon li pa konprann, premye reyaksyon li se imite sa li wè lòt moun ap fè oswa tann direktiv nan men lòt otorite. Li pa devlope inisyativ, li pa itilize tout pouvwa legal li genyen, epi li limite tèt li nan aktivite ki pa vrèman antre nan misyon li. Popilasyon an, ki te mete anpil espwa nan li, vin desi. Finalman, se demokrasi a menm ki pèdi kredibilite, paske sitwayen yo fini pa kwè tout eli yo san valè.
Pran egzanp yon majistra. Gen anpil moun ki panse premye misyon yon majistra se mete bèl rad, patisipe nan seremoni ofisyèl, resevwa envite oswa tann pwojè ki soti nan Pòtoprens. Se yon gwo erè. Yon majistra se premye responsab devlopman lokal la. Li dwe konnen tout reyalite komin li. Li dwe travay sou kestyon sanitasyon, jesyon fatra, ekleraj piblik, pwoteksyon anviwònman, planifikasyon iben, jesyon mache piblik, sèvis kominotè, prevansyon risk ak anpil lòt dosye ki afekte lavi sitwayen yo chak jou. Travay yon majistra fèt sou teren an, nan katye yo, nan seksyon kominal yo, bò kote popilasyon an. Si yon majistra pase plis tan dèyè biwo pase nan kominote li, li deja rate yon pati enpòtan nan misyon li.
Menm refleksyon an valab pou depite ak senatè yo. Nan pratik politik ayisyèn nan, anpil palmantè rive konfond wòl yo ak sa egzekitif la. Yo pase tan yo ap chèche distribye èd, jwenn kontra, rekòmande moun pou nominasyon oswa fè travay administrasyon santral la. Pandan tan sa a, yo neglije fonksyon prensipal yo ki se vote lwa, kontwole aksyon gouvènman an, analize bidjè Leta, pwopoze refòm epi reprezante enterè elektora yo nan Lasanble Nasyonal. Lè yon palmantè bliye misyon li, Lasanble a vin pèdi kapasite pou kontwole pouvwa egzekitif la. Se konsa balans ant pouvwa yo kraze, epi demokrasi a vin febli.
Pwoblèm nan pa limite sèlman ak kandida yo. Li konsène tou kilti politik peyi a. Twò souvan, elektè yo vote sou baz relasyon pèsonèl, fanmi, zanmitay, enterè imedya oswa emosyon. Gen moun ki chwazi kandida paske li ede yo peye lekòl, fè antèman oswa distribye kèk materyèl pandan kanpay la. Men yo pa janm mande tèt yo si moun sa a konprann fonksyon li, si li gen vizyon, si li prepare pou dirije oswa si li gen kapasite pou pran bon desizyon. Se poutèt sa anpil eleksyon fini pa pwodui menm rezilta yo. Nou chanje moun, men nou pa chanje fason nou chwazi yo.
Se vre, kontèks sekirite a pa bay anpil espwa sou òganizasyon eleksyon yo nan moman an. Anpil teritwa toujou anba kontwòl gwoup ame. Dè milye sitwayen toujou pa kapab retounen lakay yo. Plizyè enstitisyon piblik pa fonksyone nòmalman. Men, menm pandan ensètitid sa yo egziste, li enpòtan pou sosyete a kòmanse reflechi sou kalite lidè li vle mete sou pouvwa demen. Paske yon move chwa jodi a kapab pwodui yon lòt kriz pou senk oswa dis pwochen ane yo.
Ayiti bezwen depase politik popilis la. Peyi a bezwen kandida ki fòme, ki konnen lwa, ki konprann administrasyon piblik, ki metrize ekonomi, planifikasyon ak devlopman lokal. Nou bezwen eli ki konnen diferans ant enterè pèsonèl ak enterè nasyonal. Nou bezwen responsab ki antre nan fonksyon yo ak yon plan travay, yon vizyon ak yon sans sèvis piblik, olye yo antre sèlman pou jwenn prestij oswa privilèj.
Se poutèt sa edikasyon sivik dwe vin tounen youn nan pi gwo priyorite anvan nenpòt eleksyon. Elektè yo dwe aprann ki misyon chak pòs genyen. Kandida yo dwe eksplike pwogram yo an fonksyon pouvwa legal yo genyen, pa an fonksyon pwomès yo pa janm kapab reyalize. Se sèlman konsa n ap kapab bati yon demokrasi ki pi serye, ki pi responsab epi ki pi efikas.
Eleksyon pa dwe sèlman chwazi moun pou ranpli pòs. Yo dwe chwazi fanm ak gason ki prepare pou sèvi Leta avèk konpetans, disiplin ak entegrite. Paske lè kandida yo pa konnen misyon yo, se pa sèlman manda yo ki echwe. Se espwa tout yon pèp ki kraze.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE!