Kategori: Edikasyon sivik

Nan yon sosyete demokratik, sitwayènte pa limite sèlman ak posede yon kat idantifikasyon oswa patisipe nan eleksyon. Se yon angajman chak sitwayen pran pou respekte dwa lòt moun, akonpli devwa li, patisipe nan lavi kominote a epi kontribye nan konstriksyon yon sosyete ki pi jis, pi responsab ak pi demokratik.

Nan moman Ayiti ap prepare pou yon nouvo etap nan lavi elektoral li, kesyon patisipasyon sitwayen an vin pi enpòtan toujou. Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) mete aksan sou nesesite pou sitwayen yo enfòme tèt yo, enskri, patisipe epi egzèse dwa yo nan eleksyon yo.

Kisa yon bon sitwayen ye?

Yon bon sitwayen se yon moun ki konnen dwa li, men ki konprann tou responsabilite li anvè peyi li ak kominote kote l ap viv la.Li respekte lalwa, dwa moun, byen piblik ak diyite lòt moun. Li pa rete endiferan devan pwoblèm sosyete a. Okontrè, li chèche fason pou pote kontribisyon pa li nan rezoud difikilte kominote a ap rankontre.

Bon sitwayènte vle di tou aprann koute opinyon lòt moun, menm lè yo pa menm ak pa nou. Nan yon demokrasi, dezakò politik pa dwe tounen rayisman, vyolans oswa divizyon sosyal.Yon sitwayen angaje dwe kapab mete enterè kolektif la devan enterè pèsonèl li, devlope yon lespri kritik epi patisipe nan aksyon ki kapab amelyore lavi kominote li.

Dwa ak devwa sitwayen an

Sitwayen an gen plizyè dwa fondamantal, tankou dwa pou l eksprime opinyon li, patisipe nan lavi piblik, jwenn enfòmasyon, chwazi reprezantan li epi vote, selon kondisyon lalwa etabli.

Men, dwa mache ansanm ak devwa.

Sitwayen an gen devwa pou respekte lalwa, respekte dwa lòt moun, pwoteje byen piblik, kontribye nan lavi kominote a epi evite tout konpòtman ki kapab mete lapè sosyal an danje.Nan yon peryòd elektoral, responsabilite sa yo vin pi enpòtan toujou. Elektè a dwe chèche enfòmasyon serye sou kandida yo ak pwogram yo, verifye enfòmasyon li resevwa epi evite pataje fo nouvèl oswa enfòmasyon ki kapab kreye tansyon nan sosyete a.

Poukisa patisipasyon sitwayen enpòtan nan demokrasi?

Demokrasi pa ka fonksyone san patisipasyon sitwayen yo.Lè sitwayen yo patisipe, yo pa sèlman chwazi moun ki pral dirije yo. Yo bay opinyon yo, poze kesyon, mande rann kont epi kontribye nan oryantasyon peyi a.Patisipasyon an pa fèt sèlman nan jou eleksyon. Li kòmanse depi sitwayen an ap chèche enfòmasyon, enskri kòm elektè, patisipe nan deba piblik, obsève aksyon otorite yo epi fè pwopozisyon pou amelyore kominote li.Se nan sans sa a KEP ankouraje jèn yo, an patikilye, pou yo vin aktè nan pwosesis demokratik la epi patisipe aktivman nan konstriksyon yon sosyete ki pi enklizif.

Vote se yon dwa, men se yon responsablite tou

Nan yon eleksyon, chak vòt gen valè. Se poutèt sa elektè a pa dwe kite lajan, menas, manipilasyon oswa presyon enfliyanse chwa li.Yon elektè responsab dwe poze tèt li kèk kesyon anvan li vote:Ki pwogram kandida a genyen? Ki vizyon li genyen pou peyi a? Èske li gen kapasite pou pote solisyon? Ki angajman li pran devan popilasyon an?Chwazi yon kandida pa ta dwe baze sèlman sou emosyon, fanatik, pwomès oswa afilyasyon pèsonèl. Li dwe baze sou enfòmasyon, refleksyon ak enterè kolektif.

Patisipasyon sitwayen pa fini apre eleksyon

Yon erè anpil moun fè se panse responsabilite sitwayen an fini apre li fin depoze bilten li nan bwat vòt la.Okontrè, se apre eleksyon an yon lòt etap patisipasyon an kòmanse. Sitwayen yo dwe rete vijilan, suiv aksyon moun yo eli yo, mande transparans, ankouraje bon gouvènans epi denonse move pratik atravè mekanis legal ak demokratik ki disponib yo.Se konsa yon sosyete ka devlope yon kilti kote sitwayen yo pa sèlman chwazi dirijan, men kote yo patisipe tou nan konstriksyon ak siveyans demokrasi a.

Yon sitwayènte angaje pou yon Ayiti demokratik

Ayiti bezwen plis pase elektè. Li bezwen sitwayen angaje, sitwayen ki enfòme, ki responsab, ki tolere diferans, ki rejte vyolans epi ki konprann pouvwa yo genyen nan patisipasyon yo.Demokrasi pa sèlman yon sistèm eleksyon. Se yon kilti ki baze sou respè, responsablite, libète, tolerans ak patisipasyon.Chak sitwayen gen yon wòl pou jwe. Chak vwa konte. Chak aksyon responsab kapab kontribye nan chanjman.

Nan moman peyi a ap antre nan yon nouvo etap elektoral, mesaj la senp: enfòme tèt nou, enskri, patisipe, vote epi rete angaje.
Se pa sèlman konsa nou chwazi dirijan; se konsa nou kontribye nan konstwi Ayiti nou vle a.

Sadrax ULYSSE,Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841