Yon gwo trajedi frape komin Kenskòf nan lannwit dimanch 23 pou rive lendi 24 dawout 2026 la. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, plizyè 10zèn moun pèdi lavi yo nan yon atak sanglan atribiye ak moun ame.
Se youn nan pi gwo masak ki fèt nan zòn nan nan dènye ane yo. Atak la plonje plizyè fanmi nan dèy epi mete aksan ankò sou gwo defi otorite yo ap fè fas ak yo pou garanti sekirite popilasyon an.
Kesyon sou kapasite Leta
Nouvo zak vyolans sa a soulve anpil kesyon sou kapasite Leta ayisyen an pou pwoteje sitwayen yo, sitou nan zòn kote gwoup ame yo rive opere avèk anpil libète.
Depi plizyè ane, otorite yo anonse plizyè mezi pou ranfòse kapasite Polis Nasyonal Ayiti (PNH), tankou ekipman, materyèl ak lòt resous operasyonèl. Men, malgre efò sa yo, sitiyasyon sekirite a kontinye rete mangonmen nan plizyè rejyon nan peyi a.
Kesyon ki poze a vin pi enpòtan toujou : ki rezilta konkrè resous Leta mete disponib pou fòs sekirite yo bay sou teren an, si popilasyon an kontinye viktim atak epi kèk teritwa rete difisil pou kontwole?
Prezans otorite yo pa sifi
Apre atak la, direktè jeneral a.i. PNH la, André Jonas Paraison, te prezan nan komisarya Kenskòf la nan jounen lendi a.
Men, pou anpil sitwayen, prezans otorite yo apre yon atak pa kapab ranplase aksyon prevantif ak operasyon efikas ki kapab anpeche lòt trajedi.
Pou fanmi viktim yo ak moun Kenskòf yo, priyorite a se jwenn sekirite, jistis epi garanti pou yon trajedi konsa pa repete.
Popilasyon an mande repons
Masak sa a relanse plizyè kesyon fondamantal : Kiyès k ap pwoteje sitwayen yo? Poukisa gwoup ame yo toujou kapab lanse atak ki fè anpil viktim? Poukisa resous yo anonse pou ranfòse aparèy sekirite a poko tradui nan yon amelyorasyon vizib sou teren an?
Responsablite otorite yo, sitou dirijan enstitisyon sekirite yo, vin pi enpòtan nan yon moman kote konfyans popilasyon an deja frajil.
Pou Kenskòf ak lòt kominote ki ap viv anba menas vyolans, popilasyon an pa sèlman bezwen deklarasyon ak vizit apre trajedi yo. Li bezwen aksyon konkrè, pwoteksyon efikas, prezans Leta ak rezilta sou teren an.
Trajedi Kenskòf la mande yon repons rapid ak klè. Plis pase bilan viktim yo, se kapasite Leta pou pwoteje lavi sitwayen li yo ki yon lòt fwa ankò sou kesyon.