Nan espas yon restoran nan peyi Brezil, yon imaj ki chaje ak koulè, gou ak senbòl Ayisyen atire atansyon anpil moun nan kad yon prezantasyon ki mete kilti gastronomik ayisyen an an valè, anplis de drapo Ayiti, pye kokoye, tanbou tradisyonèl ak yon pla ki reprezante kèk nan manje peyi a. Aktivite sa a ap fèt nan yon konpayi brezilyen «Aurora Coop», pandan mwa septanm 2026 la.

Sou youn nan afich yo, nou li “Sabores do Haiti”, sa ki vle di Gou osnon savè Ayiti. Mesaj la prezante gastronomi ayisyen an kòm yon vwayaj atravè gou ak kilti peyi a. Li mete aksan sou melanj enfliyans lòt kilti takou afriken, fransè ak endijèn ki fòme tradisyon gastronomik Ayiti.

Manje Ayisyen yo kòm yon pon ant diferan pèp, se plis pase yon senp prezantasyon gastronomik. Li ede peyi a vwayaje, kote li janbe plizyè fwontyè pou ale ankouraje lòt pèp, estimile yo vini wè ki diferans ki gen ant gou kizin Ayisyen an ak lòt peyi. Li se yon fason tou pou yon pèp rakonte istwa li, prezève memwa li, epi pataje kilti li ak lòt moun.

Lè yon pla Ayisyen rive sou tab nan yon lòt peyi, se pa sèlman manje a ki rive. Li vini ak istwa, tradisyon, savè, mizik, fèt ak fason sitwayen Ayisyen yo viv manje lakay yo.

Afich la prezante GRIYO kòm youn nan manje tradisyonèl Ayiti yo, ansanm ak diri, sòs pwa, legim, vyann ak bannann. Epi montre griyo a espesyalman se youn nan manje ki pi popilè nan gastronomi ayisyen, ki souvan prezan nan fèt ak lòt gwo okazyon.

Sa fè plis pase yon deseni depi Ayiti vin antre nan mitan yon anviwonman brezilyen atravè plizyè milye Ayisyen ki vwayaje nan peyi Brezil. Sa ki fè imaj sa a enteresan anpil, se kontras ki genyen ant anviwonman restoran an ak eleman kozin Ayisyen yo. Espas la se yon kafeterya modèn nan yon anviwònman travay brezilyen, kote nan mitan li koulè ak senbòl Ayiti pran plas yo.

Sou divès lòt afich ki te nanenm espas la, gen mesaj ki di: “A culinária é uma viagem de sabores que conecta pessoas, culturas e tradições.” Sa vle di an kreyòl: “Gastronomi se yon vwayaj atravè gou ki konekte moun, kilti ak tradisyon.” Foto a montre tou yon aspè enpòtan nan prezans Ayisyen nan Brezil: kote yo pataje kilti yo ak sosyete ki akeyi yo.Se yon mesaj ki gen anpil sans pou kominote ayisyen an k ap viv aletranje, sitou nan peyi Brezil.

Lè moun kite peyi yo pou al viv nan lòt sosyete, manje, menm jan ak lang, se youn nan pi gwo bagay ki pèmèt yo konsève yon lyen ak peyi kote yo soti. Kilti ayisyen an merite vizibilite, se youn nan fòs peyi a malgre pwoblèm l ap rankontre.

Nan peyi Brezil, Ayisyen pa pote sèlman fòs travay yo, eksperyans yo ak kapasite yo entèlektyèl yo. Anplis de tout sa, yo pote yon kilti ki rich anpil. Lè yon antrepriz osnon enstitisyon brezilyen bay kizin Ayisyèn nan plas nan espas li, sa se prèb kreyasyon yon pon ant 2 pèp sa yo. Li pèmèt lòt moun dekouvri Ayiti atravè yon lòt imaj ki pa sèlman konsantre sou kriz ak difikilte peyi a.

Dèyè chak pla Ayisyen gen yon istwa. Dèyè diri ak sòs, legim ak vyann, griyo, bannann ak lòt espesyalite yo, gen memwa fanmi, tradisyon ak eritaj jenerasyon ki pase de youn bay lòt. Se poutèt sa, “Sabores do Haiti/Savè Ayiti” restoran brezilyen an ap pale a pa sèlman yon ekspozisyon manje. Li kapab tou yon ti fenèt sou Ayiti andedan sosyete brezilyèn nan.

N ap note, nan 3 eleman nan kilti Ayisyen an UNESCO te klase nan lis Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl li a, kizin Ayisyen an atravè Soup Joumou (2021) se youn. Enstisyon an te ajoute Kasav (2024) ak Konpa Ayisyen an (2025) nan lis Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl li a.

Pla Ayisyen yo pèmèt pèp Ayisyen an ak etranje manje ak anpil satisfaksyon e fyète, men tou li pote kilti peyi a lwen, kote li fè lòt moun dekouvri tout yon pèp. E se petèt youn nan pi bèl fason pou Ayiti kontinye prezante tèt li bay mond lan, atravè kizin, kilti ak tradisyon li.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...