Bank Mondyal prezante yon sitiyasyon ekonomik ki trè difisil pou Ayiti nan nouvo rapò li a ki pote tit « Ayiti – Trajektwa kwasans devan risk k ap ogmante ». Rapò a analize evolisyon ekonomi peyi a, konsekans kriz sekirite ak kriz politik la, ansanm ak kèk posiblite ki ta ka pèmèt ekonomi an reprann fòs li nan ane k ap vini yo. Dapre Bank Mondyal, 49 % popilasyon ayisyen an t ap viv an 2025 anba liy povrete entènasyonal la ki fikse nan 3 dola ameriken pa jou, selon parite pouvwa acha a. Chif sa a te anviwon 44,6 % an 2023 e li kapab kontinye ogmante pandan ane 2026 la.
Ekonomi ayisyen an ap kontrakte depi sèt ane
Bank Mondyal fè konnen Ayiti te konnen setyèm ane youn apre lòt kote ekonomi peyi a ap kontrakte an 2025. Sitiyasyon sa a lye ak plizyè faktè, pami yo ensekirite, blokaj nan aktivite komèsyal yo, difikilte nan sikilasyon moun ak machandiz, ansanm ak feblès enstitisyon piblik yo.Ant 2010 ak 2025, Pwodui Entèn Brit (PIB) reyèl pa abitan an diminye anviwon 17 %.

Rapò a montre tou gwo diferans ki genyen ant nivo revni Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an. An 2023, PIB pa abitan Ayiti te anviwon 3 281 dola ameriken an tèm de parite pouvwa acha, sa ki reprezante sèlman anviwon 15 % mwayèn peyi Amerik Latin ak Karayib yo. Kriz sekirite a gen gwo konsekans sou aktivite ekonomik yo tou. Dapre rapò a, anviwon 1,47 milyon moun te oblije kite kay yo akoz vyolans yo rive nan fen mwa me 2026. Ensekirite a afekte transpò, komès, chèn distribisyon ak fonksyònman antrepriz yo.
Ensekirite alimantè a rete yon gwo pwoblèm
Degradasyon sitiyasyon ekonomik la gen konsekans dirèk sou kapasite fanmi yo genyen pou jwenn manje.
Bank Mondyal rapòte anviwon 5,7 milyon moun, oswa prèske mwatye popilasyon an, te fè fas ak yon nivo ensikirite alimantè grav ant septanm 2025 ak fevriye 2026.
Pou peryòd mas rive jen 2026, kantite moun sa yo te kapab monte rive anviwon 5,9 milyon.
Mache travay la rete frajil tou. Anpil Ayisyen ap travay, men revni yo pa toujou ase pou pèmèt yo soti nan povrete. Fenomèn povrete pami moun k ap travay yo rete youn nan gwo defi ekonomik peyi a.
Enflasyon an kontinye peze sou popilasyon an
Pri pwodwi ak sèvis yo kontinye ap ogmante, sa ki diminye kapasite fanmi yo genyen pou achte sa yo bezwen.

Bank Mondyal fè konnen apre enflasyon an te rive nan nivo ki pi wo pandan kèk ane ki sot pase yo, li te kòmanse ralanti, men li te toujou rive nan 21 % sou yon ane nan mwa avril 2026. Enflasyon sou pwodwi alimantè yo te anviwon 21,3 %.
Sitiyasyon sa a afekte sitou fanmi ki gen pi piti revni yo.

Nan lòt bò a, transfè lajan dyaspora a kontinye jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a. Dapre rapò a, transfè lajan Ayisyen k ap viv aletranje yo te rive nan yon nivo rekò 4,4 milya dola ameriken pandan ane fiskal 2025 la.
Gen kèk sektè ki kontinye reziste malgre kriz la
Malgre tablo a difisil, Bank Mondyal la fè remake ekonomi ayisyen an toujou gen kèk kapasite pou l reziste. Aktivite ekonomik yo kontinye nan plizyè zòn ki pa nan Pòtoprens, sitou nan kèk koridò ekonomik nan Nò ak nan Sid peyi a.
Kap Ayisyen kontinye jwe yon wòl enpòtan nan aktivite pò ak komès, pandan kèk zòn endistriyèl nan Nò a kontinye sipòte plizyè milye djòb nan sektè fabrikasyon.
Bank Mondyal mete aksan tou sou enpòtans ekonomik Wanament, ki sitiye toupre fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, kote aktivite ekonomik yo kontinye devlope.
Jèn popilasyon an ak pozisyon Ayiti se de gwo avantaj.

Pou Bank Mondyal, kriz ekonomik peyi a pa dwe fè moun bliye potansyèl Ayiti genyen. Youn nan prensipal avantaj peyi a se yon popilasyon ki jèn e ki kontinye ap grandi. Plis pase mwatye popilasyon Ayiti a gen mwens pase 25 an. Si yo jwenn bon jan fòmasyon, edikasyon, opòtinite travay ak kondisyon pou devlope kapasite yo, jèn sa yo kapab vin yon fòs enpòtan pou ekonomi peyi a.
Pozisyon jewografik Ayiti se yon lòt avantaj. Peyi a sitiye toupre kèk gwo mache nan Amerik di Nò ak nan Karayib la. Selon analiz Bank Mondyal la, pwoksimite sa a kapab bay Ayiti posiblite pou devlope plis aktivite nan domèn endistri, komès ak sèvis.

Leta ap fè fas ak gwo difikilte pou mobilize resousz men, Bank Mondyal la fè konnen avantaj sa yo pap sifi pou kont yo pou pèmèt peyi a reprann wout kwasans.
Pwoblèm pwodiktivite, ensekirite, feblès enstitisyon yo, difikilte pou jwenn sèvis debaz, pwoblèm enfrastrikti ak kapasite limite Leta genyen pou kolekte revni piblik se pami prensipal obstak ki kontinye bloke devlopman ekonomik la.
Rapò a montre revni entèn Leta kolekte yo te reprezante sèlman anviwon 4,8 % PIB peyi a pandan ane fiskal 2025 la.
Yon sitiyasyon konsa limite kapasite Leta genyen pou finanse sèvis piblik tankou edikasyon, sante, pwoteksyon sosyal ak konstriksyon enfrastrikti.

Ant kriz ak potansyèl pou yon relans ekonomik
Rapò Bank Mondyal la prezante konsa yon ekonomi ayisyen ki ap fè fas ak gwo presyon, men ki toujou genyen plizyè resous ak avantaj ki kapab sèvi kòm baz pou yon relans. Jèn popilasyon an, dyaspora a, pozisyon jewografik peyi a, aktivite pò yo, sektè fabrikasyon an ak kèk sant ekonomik nan rejyon yo reprezante kèk nan potansyèl Bank Mondyal mete aksan sou yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841