Kanada anonse yon nouvo finansman 25,4 milyon dola kanadyen pou soutni efò k ap fèt an Ayiti nan domèn sekirite, gouvènans ak ranfòsman rezilyans kominote yo. Anons lan fèt madi 22 septanm 2026, nan New York, apre yon rankont ant minis Afè Etranjè Kanada, Anita Anand, ak minis Afè Etranjè ak Kilt Ayiti, Raina Forbin, nan kad 81yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.
Nouvo anvlòp finansye sa a vize plizyè priyorite. Dapre Affaires mondiales Canada, lajan an dwe kontribye nan batay kont koripsyon ak krim òganize, prevansyon rekritman jèn moun nan gang, ranfòsman repons kont vyolans ki baze sou sèks, ansanm ak sipò pou inisyativ lokal k ap travay pou konsolidasyon lapè.
Sekirite rete youn nan prensipal dosye yo
Pandan rankont lan, Anita Anand renouvle angajman Kanada pou ede amelyore sitiyasyon sekirite an Ayiti. Gouvènman kanadyen an mete aksan sou ranfòsman kapasite detansyon yo ansanm ak pwosesis dezarmeman, demobilizasyon ak reyentegrasyon moun ki soti nan gwoup ame yo.
kessyon renouvèlman ak deplwaman konplè Force de Répression des Gangs (FRG/GSF) te pami sijè ki te sou tab la. Minis Raina Forbin mete aksan sou nesesite pou patnè entènasyonal yo kontinye soutni efò k ap fèt pou amelyore repons sekirite a.
Eleksyon ak refòm jidisyè yo te sou ajanda a
Diskisyon ant de minis yo pa t konsantre sèlman sou kesyon sekirite. Preparasyon eleksyon yo te fè pati sijè prensipal yo tou. Kanada ensiste sou nesesite pou eleksyon yo fèt yon fason kredib epi enklizif, pandan peyi a ap kontinye prepare pwochen etap pwosesis elektoral la.
De responsab yo te pale tou sou refòm sistèm jidisyè a, sitou sou ranfòsman responsabilite, batay kont enpinite ak nesesite pou retabli konfyans popilasyon an nan enstitisyon leta yo.
Plis pase 570 milyon dola kanadyen depi 2022
Nouvo kontribisyon an antre nan yon seri sipò Kanada ap bay Ayiti depi plizyè ane. Dapre gouvènman kanadyen an, Ottawa deja bay plis pase 570 milyon dola kanadyen nan asistans entènasyonal pou Ayiti depi 2022, ladan l 126 milyon dola ki konsakre ak misyon entènasyonal sekirite a.
Selon yon bilan ki pibliye nan laprès ayisyen an, kontribisyon Kanada yo nan dènye ane yo te konsantre sou plizyè sektè, tankou èd imanitè, Polis Nasyonal d Ayiti, misyon sekirite entènasyonal la ak lòt inisyativ ki gen rapò ak estabilizasyon peyi a.
Pou gouvènman kanadyen an, nouvo finansman an montre sipò Ottawa pa limite sèlman ak operasyon sekirite. Li gen ladan l tou mezi sou gouvènans, jistis, prevansyon vyolans ak ranfòsman kominote yo.
Rankont Raina Forbin ak Anita Anand la mete an evidans plizyè dosye ki rete mare ansanm nan kriz ayisyen an: sekirite, fonksyònman enstitisyon yo, refòm jidisyè, patisipasyon politik ak preparasyon eleksyon. Kanada di li pral kontinye soutni efò pou ranfòse sekirite, estabilite ak rekiperasyon Ayiti.