EDITORYAL
Vendredi 25 septanm 2026| 00584
Ekri pa : Jean Launy AVRIL
Chak ane, se prèske menm seremoni an ki rekòmanse nan New York. Chèf Leta, chèf gouvènman, minis, diplomat ak reprezantan peyi yo pran direksyon tribin Òganizasyon Nasyonzini an pou pale ak mond lan. Figi yo ka chanje, kriz yo ka chanje, mo yo ka chanje, men kestyon fondamantal la rete menm jan an : kisa ki rete toutbonvre nan tout gwo diskou sa yo lè mikwo yo fèmen, kamera yo etenn epi delegasyon yo retounen lakay yo? Se la nou dwe kòmanse gade Asanble Jeneral Nasyonzini an ak plis lespri kritik, paske dèyè bèl pawòl sou lapè, demokrasi, dwa moun, souverènte, koperasyon ak solidarite entènasyonal, mond lan kontinye ap viv ak lagè, grangou, deplasman fòse, povrete, vyolans ak gwo inegalite ant peyi yo. Ane pase, yo te pale. Ane sa a, yo pale ankò. Ane pwochèn, si anyen pa chanje, yo pral retounen pale sou menm kriz yo. Se tankou kominote entènasyonal la vin tounen yon gwo espas kote yo aprann dekri soufrans limanite pi byen pase yo aprann mete fen ladan l.
Sa pa vle di ONU pa itil. Nou pa bezwen tonbe nan yon kritik fasil ki ta fè kwè òganizasyon an pa fè anyen. Gen ajans Nasyonzini ki travay chak jou nan domèn lasante, asistans imanitè, refijye, edikasyon, dwa moun, devlopman ak pwoteksyon popilasyon ki an danje. ONU rete youn nan kèk espas kote prèske tout Leta sou latè kapab chita ansanm, menm lè yo nan konfli. Men se jisteman paske enstitisyon sa a enpòtan nou dwe mande l plis. Gen yon diferans twò laj ant prensip yo pwoklame nan New York ak reyalite rapò fòs ki dirije mond lan. Nan Asanble Jeneral la, chak Leta genyen yon vwa. Sou papye, yon ti peyi kapab pale menm jan ak yon gwo pouvwa. Men nan reyalite relasyon entènasyonal yo, tout peyi pa genyen menm kapasite pou fè vwa yo tounen desizyon. Gen peyi ki genyen fòs militè, pouvwa ekonomik, enfliyans diplomatik ak kapasite pou bloke oswa oryante desizyon entènasyonal yo. Se la youn nan pi gwo kontradiksyon sistèm nan parèt : yo pale de egalite ant Leta pandan pouvwa reyèl la rete konsantre nan men kèk gwo aktè.
Konsèy Sekirite Nasyonzini an montre kontradiksyon sa a pi klè toujou. Senk peyi, Lachin, Etazini, Lafrans, Wayòm Ini ak Larisi, genyen plas pèmanan ak dwa veto. Sa vle di yon sistèm ki fèt pou defann lapè entènasyonal la fonksyone tou sou baz yon yerachi pouvwa ki soti dirèkteman nan lòd mondyal ki te tabli apre Dezyèm Gè Mondyal la. Lè enterè gwo pouvwa yo antre an konfli, kapasite sistèm nan pou aji kapab bloke. Se poutèt sa nou dwe mande tèt nou ki valè yon prensip genyen si aplikasyon li depann de kiyès ki vyole li, kiyès ki alye ak kiyès, epi ki enterè estratejik ki sou tab la. Dwa entènasyonal pa ta dwe yon zam pou kondane advèsè epi yon tèks fleksib lè se alye ki konsène. Se nan diferans sa a ant prensip ak aplikasyon teyat diplomatik la kòmanse pran tout sans li.
Teyat la kòmanse lè pawòl pran plas aksyon. Li kòmanse lè moun ki pale de lapè patisipe nan lojik ki alimante konfli lòt kote. Li kòmanse lè yo mande respè dwa entènasyonal yon kote, men yo jwenn mil rezon pou relativize menm prensip sa yo yon lòt kote. Li kòmanse lè soufrans pèp yo tounen materyèl pou gwo diskou diplomatik, pandan moun ki viktim yo kontinye ap tann rezilta. Chak ane, tribin Nasyonzini an ranpli ak deklarasyon sou yon mond ki dwe vin pi jis, pi estab ak pi solidè. Men pandan deklarasyon sa yo ap fèt, gen timoun ki dòmi san manje, gen fanmi k ap kouri kite lakay yo anba bal, gen popilasyon ki pa jwenn dlo, swen, lekòl oswa sekirite. Se pa pawòl ki manke nan sistèm entènasyonal la. Sa ki manke twò souvan, se kapasite ak volonte politik pou fè pawòl yo tounen aksyon.
Pou nou menm Ayisyen, kestyon an vin pi grav toujou. Konbyen fwa yo deja pale de Ayiti nan Nasyonzini? Konbyen rezolisyon ki deja vote sou Ayiti? Konbyen misyon entènasyonal ki deja pase nan peyi a? Konbyen reprezantan ayisyen ki deja monte sou tribin sa a pou pale de kriz politik, ensekirite, eleksyon, povrete, devlopman, souverènte, gang, demokrasi ak solidarite entènasyonal? Apre tout diskou sa yo, nou dwe gen kouraj poze kestyon ki pi senp la : kisa ki chanje nan lavi moun Ayiti? Ki rezilta konkrè diplomasi ayisyen an jwenn apre tout prezans sa yo? Ki alyans nou konstwi? Ki angajman nou jwenn? Ki enterè nasyonal nou defann? Ki dosye nou pote ak yon estrateji ki klè? Ki bilan reprezantan nou yo kapab prezante bay pèp ayisyen an apre yo fin pale nan non li devan mond lan?
Monte sou tribin ONU pou pale de Ayiti pa vle di otomatikman ou genyen yon politik etranjè. Dekri kriz Ayiti pa vle di ou genyen yon estrateji pou soti ladan l. Di mond lan Ayiti ap soufri pa sifi, paske mond lan konnen sa deja. Kesyon an se : kisa Ayiti mande? Kiyès li mande l? Poukisa li mande l? Sou ki baz li negosye? Ki alyans diplomatik li bati? Ki rezilta li jwenn? Epi, pi enpòtan toujou, kisa Leta ayisyen li menm ap fè andedan peyi a? Diplomasi pa kapab sèvi kòm ranplasman pou responsabilite Leta. Kominote entènasyonal la pa kapab konstwi yon Leta nan plas Ayisyen pandan enstitisyon nasyonal yo rete san vizyon, san kontinite ak san kapasite pou defini enterè peyi a.
Se poutèt sa kritik la pa dwe rete sèlman sou ONU. Nasyonzini se an premye Leta manm li yo. Gwo pouvwa yo antre nan sal la ak enterè yo. Ti peyi yo antre ak feblès yo, kontradiksyon yo ak estrateji yo, lè yo genyen youn. Se rapò fòs mondyal la ki antre nan sal la tou. Se poutèt sa yon ti peyi tankou Ayiti pa kapab satisfè l ak yon bèl diskou. Li bezwen yon diplomasi ki konnen sa l ap chèche. Yon diplomasi ki prepare dosye li. Yon diplomasi ki negosye. Yon diplomasi ki konstwi alyans. Yon diplomasi ki konnen diferans ant fè prezans ak egzèse enfliyans. Yon diplomasi ki konprann tribin nan se sèlman kèk minit, men travay diplomatik la dwe fèt pandan tout ane a.
Nou dwe chanje fason nou evalye patisipasyon Ayiti nan gwo rankont entènasyonal sa yo. Pa di nou sèlman kiyès ki te pale. Pa montre nou sèlman foto reprezantan an devan logo Nasyonzini. Pa konte kantite fwa delegasyon an jwenn aplodisman. Di nou ki reyinyon bilateral li fè. Di nou ki dosye li defann. Di nou ki angajman li jwenn. Di nou ki patenarya li negosye. Di nou ki avantaj konkrè peyi a kapab jwenn. Di nou ki suivi ki fèt apre retou delegasyon an. Se konsa yon pèp kapab mezire diplomasi li. Sinon, diplomasi a riske tounen yon seremoni kote reprezantan yo vwayaje, pale, pran foto epi retounen, pandan sitiyasyon peyi a rete menm jan oswa vin pi mal.
Yon pèp pa manje diskou. Yon fanmi ki oblije kite kay li akoz vyolans pa retounen lakay li paske yon reprezantan fè yon bèl deklarasyon nan New York. Yon jèn ki pa wè avni li pa jwenn travay paske yo site mo « devlopman » ven fwa nan yon diskou. Yon peyi pa reprann souverènte li paske reprezantan li resevwa aplodisman nan yon sal entènasyonal. Pawòl diplomatik gen valè lè yo louvri pòt pou aksyon. Lè pawòl la pa suiv ak rezilta, li tounen seremoni. Lè seremoni an repete chak ane pandan menm popilasyon yo kontinye ap soufri, li kòmanse sanble ak yon teyat.
Se poutèt sa, apre chak Asanble Jeneral Nasyonzini, nou pa ta dwe sèlman mande : kiyès ki te pale? Nou ta dwe mande : kisa yo jwenn? Ki desizyon ki soti ladan l? Ki angajman ki pran? Ki angajman ki respekte? Ki lavi ki pwoteje? Ki kriz ki avanse sou wout solisyon? E pou Ayiti espesyalman : apre tout ane sa yo kote reprezantan nou yo ap pale devan mond lan, kisa diplomasi ayisyen an rive jwenn, kisa Leta ayisyen an rive konstwi, epi kisa ki chanje pou pèp la?
Se la vrè bilan an dwe kòmanse. Paske tribin Nasyonzini an kapab sèvi kòm yon zouti. Men li pa dwe tounen yon sèn kote, chak ane, Leta yo vin mete bèl pawòl sou blesi mond lan pandan blesi yo kontinye ap senyen. Pou Ayiti, moman an rive pou nou sispann mezire diplomasi nou ak kantite diskou nou fè. Se rezilta nou dwe mezire. Paske nan relasyon entènasyonal, prezans enpòtan, pawòl enpòtan, men se kapasite pou transfòme pawòl sa a an enterè defann, angajman jwenn ak rezilta konkrè ki bay diplomasi tout sans li.