Premye tou eleksyon prezidansyèl Brezil la ki te fèt dimanch 4 oktòb 2026, fini ak yon konfwontasyon trè sere ant Flávio Bolsonaro, kandida Pati Liberal la (PL), ak Luiz Inácio Lula da Silva, kandida Pati Travayè yo (PT) ki se tou aktyèl prezidan peyi a. Selon rezilta Tribinal Siprèm Elektoral Brezil la (TSE) pibliye aprè yo fin konte 100% bilten yo, se Flávio ki fini an premye ak 56 104 268 vòt, swa 47,03% vòt valab. Lula vini an dezyèm ak 53 876 617 vòt, oswa 45,16%. Sa ki bay yon diferans de 2 224 965 vòt.
Kòm okenn nan kandida yo pa rive depase 50% vòt yo, rezilta final eleksyon sa a pral deside nan yon dezyèm tou ki te deja pwograme pou dimanch 25 oktòb 2026 la. Dezyèm tou sa a pral mete fas a fas Flávio Bolsonaro ak Luís Inácio Lula da Silva.
Pou sa ki gen rapò ak rezilta tout kandida yo, men kijan premye tou a te fini daprè done rezilta elektoral yo: Flávio Bolsonaro (PL): 56 104 268 vòt swa 47,03%, Luiz Inácio Lula da Silva (PT): 53 876 617 vòt swa 45,16%, Augusto Cury (Avante): anviwon 3 448 569 vòt swa 2,89%, Renan Santos (Missão): anviwon 2 675 887 vòt swa 2,24%, Ronaldo Caiado (PSD): anviwon 2 605 148 vòt swa 2,18%, Romeu Zema (Novo): anviwon 326 488 vòt swa 0,27%, Samara Martins (UP): anviwon 122 911 vòt swa 0,10%, Hertz Dias (PSTU): anviwon 43 103 vòt swa 0,04%, Clariana Barão (DC): anviwon 40 043 vòt swa 0,03%, Edmilson Costa (PCB): anviwon 22 693 vòt swa 0,02%, Wilson Grassi (Democrata): anviwon 16 881 vòt swa 0,01% ak Rui Costa Pimenta (PCO): anviwon 15 024 vòt swa 0,01% !
Vòt kandida ki elimine yo vin desizif, nan sans elektè ki te vote pou kandida ki elimine yo nan premye tou a ap gen pou pran pwòp desizyon yo ant 2 kandida sa yo. Genyen k ap chwazi Flávio, gen lòt se Lula, genyen ki ka pa vote ditou, epi gen moun ki ka vote blan oswa nil. Se poutèt sa, kantite vòt kandida ki elimine yo reprezante yon gwo rezèv elektoral.
Premye tou a kite Flávio Bolsonaro ak yon avantaj anviwon 2,2 milyon vòt sou Lula. Men, avantaj sa a pa garanti anyen sou rezilta dezyèm tou a, paske dezyèm tou a se yon nouvo konpetisyon elektoral tou nèf li ye.
Premye tou a montre yon Brezil ki toujou trè divize politikman. Batay la ap antre nan yon lòt etap kote 2 kandida yo pral chèche sipò elektè ki te vote pou kandida ki elimine yo, ansanm ak elektè ki pa t patisipe nan premye tou a. Avèk plis pase 125 milyon vòt valab yo konte, menm yon ti chanjman nan preferans elektè sa yo ap gen yon gwo enpak sou rezilta final la.
N ap note, relasyon ant eleksyon brezilyen an ak politik Etazini vini youn nan sijè ki soulve anpil deba pandan kanpay la. Flávio Bolsonaro gen yon relasyon politik piblik ak mouvman ladwat ameriken an, epi li jwenn sipò politik Donald Trump. Selon Reuters, Trump te resevwa Flávio Bolsonaro nan Mezon Blanch lan epi li te fè deklarasyon piblik ki favorab pou li. San nou pa bliye akizasyon sou posib enfliyans oswa entèferans etranje nan eleksyon sa a.
Pi lwen, relasyon Flávio ak sèk politik ameriken yo, sitou alyans li ak mouvman ki pwòch Donald Trump, ansanm ak akizasyon sou posib entèferans etranje, ajoute yon dimansyon entènasyonal nan yon eleksyon an ki gen gwo enpòtans sou avni politik Brezil, sitou sou relasyon peyi a ak Etazini.
Finalman, se elektè brezilyen yo ki pral deside ki direksyon y ap pran 25 oktòb 2026 la, sa ki pral detèmine kiyès ki pral nouvo prezidan peyi Brezil.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE