RAPÒ ONU SOU AYITI: GWOÙP EKSPÈ YO DENONSE REZO POLITIK, EKONOMIK AK SEKIRITE K AP SOUTNI GANG YO

Gang ame yo pa fonksyone poukont yo. Dèyè kapasite yo genyen pou jwenn zam, lajan, enfòmasyon ak pwoteksyon ta gen yon seri rezo politik, ekonomik ak sekirite. Se youn nan prensipal konklizyon ki soti nan dènye rapò Gwoup Ekspè Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou Ayiti, ki pote referans S/2026/714.

Rapò a montre, malgre operasyon otorite ayisyen yo te lanse depi desanm 2025, gwoup ame yo toujou gen yon gwo kapasite pou adapte yo, ranmase lajan, jwenn zam ak minisyon epi rekrite nouvo manm. Ekspè yo estime batay kont gang yo pap ka bay rezilta dirab si operasyon yo konsantre sèlman sou chèf gang yo san yo pa atake rezo ki finanse, apwovizyone yo.

Dapre rapò a, operasyon sekirite ki te kòmanse depi fen ane 2025 la pèmèt otorite yo reprann kèk pozisyon nan sant Pòtoprens, Delma ak kèk zòn ki antoure kapital la. Sepandan, ekspè yo konsidere pwogrè sa yo kòm frajil.

Majorite aks nasyonal yo toujou anba gwo enfliyans oswa kontwòl gwoup ame yo, pandan gang yo kontinye montre kapasite pou deplase, reòganize epi adapte yo ak operasyon fòs sekirite yo.

Gwoup Ekspè yo mete aksan sou feblès kowòdinasyon nan repons sekirite a. Dapre yo, absans yon estrateji nasyonal ki ase kowòdone, mank resous ak kolizyon prezime ant kèk aktè enfliyan ak gwoup ame yo ap rann batay la pi difisil.

Lajan: youn nan pi gwo motè gang yo

Rapò a montre kidnaping pou lajan, ekstòsyon, trafik zam ak lòt aktivite ilegal kontinye reprezante sous finansman enpòtan pou gwoup ame yo.

Pou mwa janvye ak fevriye 2026 sèlman, ekspè yo rapòte 143 ka kidnaping, ladan yo 109 nan depatman Lwès ak 29 nan Latibonit. Nan depatman Lwès la, Delma reprezante youn nan zòn kote kantite kidnaping yo te pi wo.

Ekspè yo note tou gang yo ap adapte fason yo ranmase lajan yo. Yo itilize sistèm bankè a nan kèk operasyon epi yo kontinye sèvi ak lajan kach pou peye ranson.

Pi gwo ranson yo te mande nan ka ekspè yo te dokimante a te rive jiska 1.5 milyon dola ameriken, pandan pi gwo peman yo te verifye a te anviwon 153,000 dola ameriken.

Pwoblèm zam nan rete youn nan pi gwo defi pou sekirite an Ayiti.

Rapò a fè konnen anbago Nasyonzini sou zam yo kontinye vyole. Gwoup ame yo jwenn zam ak minisyon atravè plizyè chanèl, pandan kèk minisyon ki soti nan depo ann Ayiti ak nan Repiblik Dominikèn ta antre nan sikilasyon ilegal.

Ekspè yo souliye nesesite pou ranfòse kontwòl fwontyè, pò ak lòt pwen kote zam ak minisyon kapab antre nan peyi a.

Rapò a mete aksan sou lyen ant gang ak kèk aktè enfliyan

Youn nan aspè ki pi sansib nan rapò a se fason Gwoup Ekspè yo dekri relasyon ki ta egziste ant kèk gwoup ame ak kèk aktè politik, ekonomik ak sekirite.

Rapò a site plizyè non epi li prezante enfòmasyon sou relasyon oswa sipò yo ta bay kèk rezo kriminèl. Pami moun rapò a pale sou yo genyen ansyen majistra Arcahaie Rosemila Petit-Frère, ansyen palmantè Alfrédo Junior Antoine ak ansyen senatè Nenel Cassy.

Sepandan, li enpòtan pou presize ke konklizyon oswa akizasyon ki parèt nan yon rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini pa reprezante otomatikman yon kondanasyon jidisyè. Moun ki site yo gen dwa konteste enfòmasyon yo, epi se lajistis ki gen konpetans pou detèmine responsablite penal yon moun.

Nenel Cassy ak gwoup « BLTS »

Nan pati rapò a ki konsène depatman Nip yo, Gwoup Ekspè yo pale sou ansyen senatè Nenel Cassy. Dapre ekspè yo, li ta gen kontwòl sou yon gwoup kriminèl yo rele « BLTS », ki pa gen rapò ak inite anti-dwòg PNH la.Rapò a akize gwoup sa a de plizyè zak grav, pami yo posesyon ilegal zam, asasina, tantativ asasina, kidnaping pou ranson, vyòl kolektif, vòl machin ak kamyon machandiz, ansanm ak vòl ame.

Ekspè yo rapòte tou yo te voye yon lèt bay Cassy pou jwenn pozisyon li sou enfòmasyon yo, men yo di yo pa t resevwa repons nan moman rapò a t ap prepare.

Rapò a konsakre yon pati enpòtan tou ak ansyen majistra Arcahaie a, Rosemila Petit-Frère.

Dapre ekspè yo, li ta genyen relasyon depi lontan ak kèk chèf gang epi li ta sèvi kòm yon entèmedyè ant rezo gang yo ak kèk aktè politik, ekonomik ak sekirite. Gwoup la di enfòmasyon sa yo te jwenn konfimasyon nan men de peyi manm Nasyonzini. Ekspè yo akize li tou dèske li ta transmèt enfòmasyon operasyonèl bay kèk chèf gang sou entèvansyon PNH la te prepare.

Rapò a denonse tou ogmantasyon rekritman timoun nan gwoup ame yo

Dapre ekspè yo, kèk gang itilize timoun nan konba epi pafwa kòm boukliye imen pou pwoteje tèt yo kont operasyon fòs sekirite yo. Rapò a pale an menm tan de akizasyon sou ekzekisyon timoun yo konsidere kòm moun ki asosye ak gang, swa nan men kèk ajan sekirite oswa gwoup defans sivil.

Vyolans seksyèl rete youn nan aspè ki pi grav nan kriz la.

Dapre rapò a, Médecins Sans Frontières te pran swen 2,485 viktim vyolans seksyèl nan Pòtoprens ant janvye ak me 2026. Nan ka sa yo, yon gwo majorite viktim yo te deklare se gason ame ki te komèt zak yo, pandan anpil ka te enplike vyòl kolektif. Gen timoun ki gen 8, 9 ak 10 an pami viktim yo.

Kriz la gen gwo konsekans sou sistèm sante a. Gwoup Ekspè yo rapòte sèlman anviwon 10% etablisman sante ki gen kapasite pou entène pasyan yo te fonksyone nèt sou tout teritwa peyi a.

1.5 milyon moun deplase anndan peyi a

Dapre rapò a, kantite moun ki oblije kite kay yo pou al chèche refij lòt kote anndan peyi a rive anviwon 1.5 milyon moun, sa ki reprezante apeprè 12% popilasyon peyi a. Sitiyasyon sa a mete plis presyon sou fanmi ki deja ap viv nan difikilte ekonomik epi li ogmante bezwen pou asistans imanitè.

Eleksyon yo rete anba gwo ensètitid

Gwoup Ekspè yo rekonèt gen kèk pwogrè ki fèt nan preparasyon elektoral yo. Yo note adopsyon yon nouvo dekrè elektoral nan dat 2 jen 2026. Men, ekspè yo fè konnen anpil moun yo te konsilte pa t kwè eleksyon yo t ap fasil pou òganize nan ane 2026 la, sitou akoz pwoblèm sekirite ki toujou egziste nan plizyè rejyon.

Rapò a souliye tou yon lòt pwoblèm: anpil moun ekspè yo konsidere kòm sipòtè oswa fasilitatè gang yo pa sou lis sanksyon Nasyonzini an. Pou Gwoup Ekspè yo, youn nan pi gwo leson ki soti nan kriz la se ke operasyon kont chèf gang yo sèlman pap sifi.Yo mande Konsèy Sekirite a pou ranfòse aplikasyon rejim sanksyon an epi egzamine nouvo enfòmasyon ki kapab mennen nan mete lòt moun oswa antite sou lis sanksyon yo.

Yo mande tou pou amelyore kapasite PNH ak FAd’H, ranfòse ankèt sou kidnaping ak trafik ilegal, amelyore kontwòl zam ak minisyon yo sezi, epi bay plis sipò teknik ak finansye pou pwogram dezameman, demantèlman ak reyentegrasyon an.

Yon kriz ki depase kesyon gang yo

Nan analiz final li, Gwoup Ekspè yo rive nan yon konklizyon enpòtan: kapasite gang yo pou reziste pa depann sèlman de chèf yo ak sòlda ki nan lari yo.Dèyè gwoup ame yo, gen selon rapò a yon seri rezo ki pèmèt yo jwenn lajan, zam, enfòmasyon, pwoteksyon ak mwayen pou kontinye fonksyone.

Se poutèt sa, dapre analiz ekspè yo, yon estrateji ki vize sèlman chèf gang yo kapab bay kèk rezilta sou kout tèm, men li pap nesesèman kraze sistèm ki pèmèt gwoup ame yo kontinye egziste.

Rapò final la, ki pote referans S/2026/714, mete konsa kesyon sekirite Ayiti a nan yon dimansyon ki depase batay ant PNH ak gang yo: li touche kesyon finansman, trafik zam, koripsyon, enstitisyon Leta, rezo politik ak ekonomik, sistèm jidisyè a ansanm ak feblès kontwòl fwontyè ak finans peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841