Sekirite: Yon rapò Gwoup ekspè Nasyonzini sou Ayiti pibliye 8 septanm 2026 fè konnen gen detounman minisyon nan depo Polis Nasyonal Dominikèn ak nan lame dominikèn. Dapre ekspè yo, kèk nan minisyon sa yo te jwenn nan men gang ak gwoup ame k ap opere sou teritwa ayisyen an.

Nan rapò li a, Gwoup ekspè ONU an fè konnen yon envantè te pèmèt otorite yo konstate disparisyon 908 001 atik, sitou katouch, nan depo Polis Nasyonal Dominikèn. Pami minisyon yo te detounen yo, gen kèk otorite yo te rive jwenn nan men gang 400 Mawozo ak lòt gwoup ame k ap opere nan zòn Bèlè, nan Pòtoprens.

Rapò a bay detay tou sou prezans katouch sou teritwa ayisyen an ki te pote mak « ERD », yon mak ki koresponn ak lame dominikèn. Dekouvèt sa a soulve kesyon sou fason minisyon ki soti nan enstitisyon sekirite dominikèn yo rive nan men gwoup ame k ap simen laterè ann Ayiti.

De moun arete ak 1 516 katouch

Dokiman Nasyonzini an rapòte tou yon operasyon ki te dewoule nan mwa desanm 2025, nan pwovens San Juan de la Maguana, nan Repiblik Dominikèn. Pandan operasyon sa a, yo te arete yon soulyetnan nan lame dominikèn ak yon sitwayen ayisyen pandan yo t ap transpòte 1 516 katouch sou yon motosiklèt.

Enfòmasyon sa a mete aksan sou pwoblèm sikilasyon minisyon ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti, sitou nan yon kontèks kote gwoup ame yo kontinye reprezante yon gwo defi pou sekirite popilasyon an ak kapasite enstitisyon yo pou retabli lòd nan peyi a.

Kontwòl depo zam ak minisyon yo poze kesyon

Revelasyon sa yo soulve plizyè kesyon sou mekanis kontwòl ak jesyon depo zam ak minisyon nan enstitisyon sekirite dominikèn yo. Yo poze kesyon tou sou fason minisyon ki soti nan depo sa yo kapab rive nan men gang ann Ayiti, ansanm ak responsablite aktè ki ta ka enplike nan sikilasyon ilegal sa a.

Sepandan, enfòmasyon ki parèt nan rapò a pa sifi, poukont yo, pou etabli responsablite tout enstitisyon oswa tout moun ki ta ka enplike nan chak ka detounman. Li enpòtan pou ankèt yo detèmine sikonstans ki antoure disparisyon minisyon yo, wout yo te pran ak kondisyon ki te pèmèt yo rive nan men gwoup ame yo.

Pandan kriz sekirite a ap kontinye frape Ayiti, kesyon kontwòl sikilasyon zam ak minisyon rete yon eleman enpòtan nan batay kont gang yo. Rapò sa a mete limyè sou nesesite pou ranfòse kontwòl sou depo zam, amelyore koperasyon ant otorite ayisyen ak dominiken yo, epi chèche konnen kijan minisyon sa yo ap sikile pou rive jwenn gwoup ame yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841