Gwoupman politik DEBLOKE, ki asosye ak ansyen Prezidan Michel Joseph Martelly, mande gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé a ak Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pran dispozisyon ki nesesè pou respekte dat 7 fevriye 2027 la, ki prevwa pou yon prezidan eli pran pouvwa a.

Nan yon nòt pou laprès ki date 10 oktòb 2026, gwoupman an mande KEP a pibliye yon kalandriye elektoral ki ajou, konplè epi reyalis, pou bay plis presizyon sou pwochen etap pwosesis elektoral la, sitou dat kanpay elektoral la ak dat vòt yo.

DEBLOKE raple gouvènman an te pran angajman pou yon prezidan ki soti nan eleksyon pran fonksyon li nan dat 7 fevriye 2027, pou pèmèt peyi a retounen anba otorite ki soti nan vòt popilasyon an. Gwoupman an mande otorite yo esplike piblikman ki dispozisyon yo prevwa pran pou respekte delè sa a.

DEBLOKE ensiste sou netralite Leta

Sou kesyon ekite elektoral la, gwoupman an ensiste pou enstitisyon piblik yo rete san patipri pandan tout pwosesis la. Li estime lajan ak resous Leta pa dwe sèvi pou bay okenn kandida oswa okenn pati politik avantaj sou lòt yo.

Pozisyon sa a vini nan yon moman kote pwosesis elektoral la ap fè fas ak plizyè defi, sitou apre chanjman ki fèt nan dekrè elektoral la ak pwolongasyon delè pou enskripsyon kandida yo rive 31 oktòb 2026.

Nan sans sa a, DEBLOKE mande otorite konsène yo bay enfòmasyon ki klè sou etap k ap vini yo, pou tout aktè politik yo kapab prepare patisipasyon yo nan kondisyon ki ekitab.

Ensekirite rete yon gwo defi pou eleksyon yo

Gwoupman politik la mande gouvènman an pran mezi konkrè pou amelyore kondisyon sekirite nan peyi a. Dapre li, se sèlman avèk bonjan dispozisyon pou pwoteje popilasyon an epi garanti sekirite pwosesis la otorite yo kapab kreye kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon kredib, lib epi san danje.

Nan kalandriye elektoral KEP a te pibliye 27 jiyè 2026 la, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo te fikse pou 13 desanm 2026, tandiske dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo te prevwa pou 21 fevriye 2027. KEP a te presize respè delè sa yo depann de kondisyon sekirite ki akseptab ak disponiblite finansman pou kontinye operasyon elektoral yo.

Malgre enkyetid sa yo, DEBLOKE fè konnen l ap kontinye prepare kandida li yo pou eleksyon yo. Gwoupman an reyafime volonte li pou kontribye nan òganizasyon eleksyon ki transparan, ekitab epi aksesib pou tout sitwayen.

Pozisyon sa a mete aksan sou plizyè kesyon enpòtan pou avni politik peyi a: respè angajman otorite yo, endepandans enstitisyon elektoral yo, itilizasyon lajan piblik ak kapasite Leta pou garanti sekirite elektè yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841