Prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele, lanse yon avètisman sevè bay chèf gang ame ann Ayiti yo, pandan li mande pou yo libere kat teknisyen salvadoryen ki disparèt depi dimanch 18 oktòb la, apre yon atak ame nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè. An menm tan, Primati a fè konnen jwenn liberasyon kat sitwayen sa yo se yon priyorite absoli pou gouvènman ayisyen an, ki deklare li mobilize tout resous nesesè pou rive jwenn yo.
Nan yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl li sou rezo sosyal X, mèkredi 21 oktòb la, Nayib Bukele fè konnen peyi li lanse yon operasyon militè pou pote kat konpatriyòt li yo sekou. Li mande pou otaj yo retounen vivan, san okenn blesi, pandan li avèti gang yo sou konsekans ki ka genyen si yo pa respekte demann sa a.
« Atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini an si nou pa remèt kat otaj yo vivan. Epi pa pran pawòl nou yo pou menas san fondman. Nou deja fini ak gang yo nan El Salvador, e nou kapab fini ak nou tou », se avètisman prezidan salvadoryen an lanse bay chèf gwoup ame yo.
Kat teknisyen ki pa t nan misyon konba
Dapre sa Nayib Bukele eksplike, kat Salvadoryen yo se teknisyen nan domèn avyasyon ki fè pati yon misyon entènasyonal ki deplwaye ann Ayiti. Travay prensipal yo se bay sipò teknik pou operasyon ayeryen, sitou evakyasyon medikal, epi kontribye nan sove lavi moun. Li ensiste pou l di yo pa t sou teren an pou fè lagè.
Prezidan an fè konnen kat mesye yo te disparèt apre yon atak sou yon machin blende yo t ap itilize, pandan yo t ap retounen nan baz yo apre yo te fin achte manje nan yon makèt. Machin nan te pran kout bao ak eksplozif nan zòn Santo, nan Kwadèboukè, dapre enfòmasyon ki te pibliye sou ensidan an.
Depi lè sa a, otorite salvadoryen yo ap chèche jwenn nouvèl sou sò kat teknisyen yo. Bukele, bò kote pa l, mande moun ki ta kenbe yo pou remèt yo san okenn domaj, pandan li fè konnen operasyon pou pote yo sekou a deja lanse.
Primati a mobilize pou jwenn liberasyon kat Salvador yo
Nan yon kominike li pibliye mèkredi 21 oktòb la, Primati a fè konnen kidnapin kat manm kontenjan salvadoryen an se yon dosye ki gen anpil enpòtans pou gouvènman an. Dapre otorite yo, yon reyinyon wo nivo fèt nan Primati a pou evalye operasyon k ap dewoule yo epi detèmine mezi ki nesesè pou ranfòse entèvansyon yo, an kolaborasyon sere avèk Fòs pou Represyon Gang yo (FRG).
Gouvènman an souliye liberasyon kat moun yo rete yon priyorite absoli, pandan li fè konnen tout resous nesesè ap mobilize pou rive jwenn yo.
Dosye sa a mete plis presyon sou fòs sekirite ayisyen yo ak fòs entènasyonal la, nan yon moman kote gwoup ame yo kontinye reprezante yon gwo defi pou retabli sekirite nan peyi a.
Operasyon sekou a ap kontinye
Apre atak 18 oktòb la, operasyon rechèch ak sekou yo te kontinye nan zòn Santo ak anviwonman Kwadèboukè. Dapre enfòmasyon Fòs pou Represyon Gang yo te pibliye, entèvansyon yo te fèt ak sipò elikoptè, pandan te gen konfwontasyon ak moun ame nan zòn nan.
Fòs entènasyonal la rapòte plizyè manm gang prezime mouri oswa blese nan echanj kout zam yo, san li pa bay yon bilan presi. Li fè konnen tou kat manm pèsonèl fòs la te blese epi yo t ap resevwa swen medikal.
Jiskaprezan, pa gen enfòmasyon ofisyèl ki pèmèt konfime kondisyon kat teknisyen salvadoryen yo oswa kote egzak yo ye. Responsablite pou kidnapin nan poko konfime ofisyèlman nonplis.
Pandan operasyon yo ap kontinye, avètisman Nayib Bukele la ak pozisyon Primati a montre dosye kat Salvadoryen yo vin tounen yon gwo ijans diplomatik ak sekiritè. Otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo ap fè fas ak yon defi enpòtan: jwenn kat mesye yo epi asire yo retounen vivan, pandan presyon ap ogmante pou ranfòse batay kont gang ame yo ann Ayiti.