Gouvènman ayisyen an ap asire kowòdinasyon operasyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Ame d Ayiti (FAd’H) ak Fòs pou Repwime Gang yo (FRG). Se sa Premye minis Alix Didier Fils-Aimé fè konnen madi 3 novanm 2026 la, pandan yon konferans pou laprès li bay nan Villa d’Accueil.
Dapre chèf gouvènman an, deplwaman yon gwo kantite manm FRG yo, sitou sòlda fòs espesyal Salvadò yo, depi fen mwa oktòb la rive nan kòmansman mwa novanm nan, fè kantite manm fòs sa a depase 4 000 moun.
Alix Didier Fils-Aimé fè konnen ranfòsman sa a pral pèmèt otorite yo entansifye operasyon kont gang ame yo, pandan y ap respekte dwa moun.
« Gang yo pap gen dòmi nan je », se deklarasyon Premye minis la, ki pwofite okazyon an pou remèsye prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pou sipò li pote nan batay kont gwoup ame yo ann A