Nan yon mesaj prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pibliye jedi 12 novanm 2026 la, li anonse nan kad yon operasyon ki te gen sòlda PNH, FAd’H, Task Fòs ak militè salvadoryen, yo rive mete bandi yo deyò nan estad Silvio Cator epi tou mete yon baz operasyonèl, pandan li anonse pou manm gang yo depize zam avan menm operasyon yo kòmanse.

« Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.

Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole. Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.

Mwen mande tout manm gang yo, avèk anpil fèmte, pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse. Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.» prezidan Bukele konkli.

N ap note, sitwayen nan divès depatman ann Ayiti, atravè rezo sosyal yo, anonse gwo mouvman manifestasyon, soti 16 pou rive 18 novanm 2026, pou esprime tout sipò ak solidarite yo ak militè salvadoryen yo ann Ayiti; epi tou voye yon mesaj bay lemond antye, sitou òganizasyon k ap defann dwa moun yo, pou mande yo lèse prezidan Bukele libere Ayiti anba ensekirite a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...