Pote lanp nan rara se yon pwovèb Kreyòl ki genyen yon volim chanbadman entèpretasyon moun ta kapab sèvi pou eksplike tout definisyon pwovèb kreyol sa. Menm si w ta bat tout rak bwa ki genyen pou ta evite sans pwovèb sa, li vle di sa l vle di a.

Pandan 6 denyè lane ki sot pase la yo, Depatman Sant te gen an total 15 palmantè ki t al reprezante l nan pouvwa lejislatif la. Pami yo te gen 12 depite ki te reprezante 12 sikonskripsyon epi yo rele moun sa yo «Député du peuple» ak 3 senatè ki te konpoze gran kò a e yo rele moun sa yo tou «Sénateur de la République».

PIBLISITE PEYE

Ki wòl ak atribisyon yon senatè oubyen yon depite ?

Se nan chapit de (2) manman lwa peyi a, andidan konstitisyon 1987 epi konstitisyon 1987 amande a ki gen anviwon 296 atik ladan l, men se soti nan atik 88 pou rive 132 ki défini aklè an gwo e detay wòl ak atribisyon palmantè yo lè pèp la voye yo nan palman an. Si nou ta rezime l nan yon senp fraz : «palmantè yo la pou yo veye ak kontwole egzekitif la, fè bon jan pwopozisyon lwa pou pèp la, etidye e analize lwa yo, swa yo vote anfavè oubyen yo rejte l».

Kesyon tout moun ap poze, èske se te ka pou 15 mesyedam palmantè sa yo ki t al defann enterè sikonskripsyon yo ak Depatman Sant peyi a nan palman an ?

Pou n rantre dirèk nan entèpretasyon metafò a, Rara se yon rit mizik ki makonnen ak listwa, kilti e tradisyon pèp Ayisyen an, ki genyen prensipal basyon l nan komin Leyogàn ak yon pati nan Latibonit. Jeneralman, manifestasyon kiltirèl sa a toujou egzèse pandan semèn Pak an Ayiti. Patrimwàn sa a egzije yon pakèt enstriman ak moun pou fè bote l yo lè yo pran fè parad nan lari.

Selebrasyon nasyonal sa a fèt sou fòm parad de yon vil ak yon lòt, li gen yon yon pakou ki long paske lè yo pran lari, yo pa konn ni lannwit ni lajounen, se sa ki koz chak moun ki nan bann rara yo gen wòl ak yon patisyon yo jwe. Si w prezan nan bann sa, ou p ap regle anyen, pa gen anyen ou ka fè, pou w pa dekouraje, yo oblije ba w pote lanp. Eske se te ka parèy pou reprezantan depatman Sant yo nan palman Ayisyen an?

Kesyon sa a, nou pa bezwen ale lwen pou n reponn li, n ap jis fè yon kout je nan sondaj «Centre à la UNE» te reyalize nan mwa Me ki sot pase la, kote popilasyon tout 13 komin nan depatman Sant lan te eksprime pozisyon yo fas ak mesyedam sa yo ki t al reprezante yo nan palman an. Nivo satisfaksyon an se te yon vrè katastròf ki montre kòlè moun yo paske sitiyasyon ak kondisyon pou yo viv yo pa janm chanje, okontrè li vinn plis difisil.

Anpil temwanyaj ak envestigasyon sou denyè ane sa yo, chantye piblik yo kòmsi pa egziste pou depatman an, wout yo finn kraze, yon pakèt lekòl leta kontinye ap fonksyone anba prela, yon pakèt lise pa janm konstwi, kouran an se lè yo vle yo bay li, prèske pa gen aksè ak dlo potab, ensekirite ap vale teren, lopital prèske pa gen mwayen pou fonksyone, jistis ap likide tankou pate cho, tribinal yo pa gen lokal pou fonksyone, komisarya yo vid, rivyè yo pa gen pon pou moun travèse lè l fè gwo lapli. Epoutan, 15 mesyedam sa yo te al defann enterè depatman Sant lan ?

APPOLON Enel Thomonde

BEAUJE Louis Romel Maissade

BENJAMIN-ALEXANDRE Guerda B. député Savanette

BIEN-AIMÉ A. Rodon Cercavajal

CELESTIN Rony Cerca La Source (Senatè e Depite)

DELACRUZ Francisque Thomassique

DESCOLLINES Abel Mirebalais

GUERRARD Guerchon Belladère

JEAN Gabriel Lyonel Lascahobas

JEAN Jude Boucan Carré

PITTON Fred Hinche

SMITH Romial Saut d’Eau

Willot JOSEPH

Wilfrid Gélin

Nou mèt chache e fouye nan tout achiv nan palman Ayisyen an, l ap difisil anpil pou jwenn yon pwopozisyon lwa oubyen entèvsnsyon reprezantan nou yo k ap defann enterè depatman an pou chanje vizaj li te fè.Yon bò , nou kapab konte sou dwèt konnyen nan palmantè sa yo ki te montre yo kapab fè yap fè,li pa janm sispann fè lòbi pou gwo pwoblèm depatman Sant la ap fè fas , yo pa anpil e nou kapab konte yo sou dwèt, si nou jwenn 2 l’ap difisil anpil pou nou jwenn yon 3èm. Yon lòt no, li plis fasil pou nou jwenn non Depite ak Senatè nou yo nan gwo eskandal piblik tankou : Dosye koripsyon, kontrebann, dròg, asasinay , volè tè elatriye.

PIBLISITE PEYE

Se sa ki koz popilasyon an pa janm sispann mande kote enterè yo nan tout bagay sa yo ? Paske yo vote Senatè ak Depite sa yo, pa janm gen kapasite pou defann yo, lè yo p ap dòmi nan seyans yo, se sigarèt yo al achte pou lòt kolèg, chat pran lang yo. Pou yo pa fè moun anpil, pou yo fè yon bagay, yo jis pote lanp la nan rara a.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar