Nou nan 250èm jou, 36èm senmèn e 9èm mwa ane a.

Kisa ki te rive yon 7 Septanb
1796: Eleksyon nan Nò koloni St. Domeng/ Cap fransè bay sis (6) nouvo dépité pami yo: Sonthonax ak Laveaux

1822: Brezil, koloni pòtigè proklame endepandans li.

1901: Lapè nan kapital Chine/ Pekin mete fen ak revòl boksè yo

1953: Nikita Krouchtchèv vini premye sekretè Pati kominis sovyetik

1979: Léon Laleau rann dènye souf li. Léon te yon jounalis, powèt e politisyen Ayisyen

1986: Jeneral Augusto Pinochet chape poul li anba yon atanta ki te pote ale 5 moun

1993: An afrik di Sid: gouvènman Frederick de Klerk la ak ANC de Nelson Mandela jwenn yon antant pou pou mete kanpe yon konsèy egzekitif pou jere yon tranzisyon

1998: Kreyasyon antrepriz Google ki se yon motè rechèch entènèt.

Provèb jounen an: Zòrèy se tandans.

Réginal LOUIS, CENTRE à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841