Lidè pitit Dessaline nan, Moïse Jean Charles nan yon deklarasyon li fè madi 13 sektanm 2022 a, mande popilasyon an pou rete mobilize nan tout peyi a pou fè baraj ak gouvèman Ariel Henry an ki fè kwè li pral monte pri gaz la.

Senatè nò a mande popilasyon an depi jounen 13 la pou rive 20 sektanm ki se ap dat anivèsè papa nasyon an Jean Jacques Dessaline, pèp la dwe manifeste jan yo kapab pou bloke direktè bank yo, al travay koz yo pa vle desann dola a. Bloke premye Minis Ariel Henry pou l paka ale nan biwol ak tout lòt minis plis direktè jeneral yo ki vle monte pri gaz la.

PIBLISITE PEYE

Lidè pitit Dessaline di se pa monte pri gaz la kap bay solisyon men pito se desann dola a pou Leta ka jwenn dola pou kòmande gaz.

N ap souliye senatè Moise te di depi dola a pa bese mwens ke 100 goud li pa responsab bank yo nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841