Mèt Michelet GABRIEL, ansyen Direktè lise Mibalè a, pwofesè nan divès inivèsite nan peyi a, ki te rann dènye soupi li nan dat samdi 28 dawout 2022 a nan lopital Bon Sovè (Kanj) avèk sèlman 52 lane, antere jodi samdi 10 septanm 2022 a.

Mèt Michelet GABRIEL se yon eminan pwofesè ki te gen anpil notoryete nan domèn edikatif ak lajistis. Pwofesè nan plizyè inivèsite nan peyi a, li te anseye filozofi, pedagoji, didaktik, lidèchip, sipèvizyon edagojik, kourikouloum Edikatif, istwa, metodoloji pou fè rechèch… Anplis li te konn ankadre etidyan nan kad preparasyon memwa oubyen pwojè sòti yo nan nivo lisans ak anpil lòt travay akademik. Li se te tou yon gran fòmatè ki te konn anime fòmasyon diferan domèn e nan diferan nivo entèlektyèl.

PIBLISITE PEYE

Li te anseye epi jwe wòl responsab nan divès inivèsite, nou ka site: Université Américaine des Sciences Modernes d’Haïti (UNASMOH), Université Jean Price Mars, Université Épiscopale d’Haïti, Université Notre-Dame d’Haïti.

Pwofesè Michelet GABRIEL te dekwoche diplòm nan anpil disiplin syantifik, li genyen (2) metriz epi li t ap suiv yon fòmasyon nan nivo doktora nan Syans Edikasyon. Pwofesè a fòme anpil jenerasyon elèv ak etidyan. Li te anseye filozofi nan lise Mibalè a depi 2003. Aprè pil sèvis li rann kòm anseyan, li te pran pwomosyon pou vin jwe wòl Direktè lise Mibalè a lendi 30 jiyè 2018, nan objektif pou remedye ak difikilte teknik ki t ap fè lise a soufri depi yon bon bout tan.

Malerezman Direktè Michelet pa rive atenn tout objektif li te genyen yo nan domèn edikatif la. Men, travay li te fè nan tèt lise a te enpekab epi enpeyab pandan 4 ane l t ap dirije a. Se pou sa, responsab ak reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan nivo depatman Sant peyi a pa kache nivo satisfaksyon yo pou fason yo konstate lise a t ap evolye.

Se ka Direktè adjwen an, M. Diquessi GERMAIN, ki te salye gwo jefò li wè ki fèt sitou nan amelyorasyon rezilta egzamen fen etid klasik yo ki te konn katastwòfik nan lise a. Se ka tou plizyè gwo otorite (Reponsab divès inivèsite, Direktè, Enspektè, Batonye lòd Avoka yo, Sansè….) ki te pran lapawòl nan antèman li, pou felisite ansanm tout zèv li te deja fè yo pandan vivan li, sitou nan tèt lise a.

N ap raple Pwofesè Gabriel te frape pa yon malèz daprè enfo Jounal Centre à la UNE te dispoze, men sa pa anpeche anpil sitwayen sispèstisye mete an dout pou se pa yon maladi fetich ki ta pote Direktè a ale byen vit konsa nan peyi san chapo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...