Sou kesyon Krim de gè ke sòlda Vladimir Poutine yo ap fè pandan lagè a, Kiev estime krim sa yo dwe jije, kidonk Ikrèn reklame etablisaman yon tribinal espesyal pou jije krim sila yo, yon demand ke peyi baltes yo apiye.

Depi 24 fevriye 2022, Ikrèn ap sibi agresyon peyi Larisi, envasyon sila koze divès dega keseswa sou plan materyèl, politik, ak imanitè. Eta manb Nasyonzini yo ki jije envasyon sa kòm yon dewogasyon ak lwa entènasyonal yo, tabli divès sanksyon kont Moscou men sanksyon yo revele inefikas plis ke sa pa kontrenn Vladimir Poutine fè bak. Sepandan peyi Baltes yo ki sitiye yo a Lès nan lanmè baltik epi nan Nòdès kontinan Ewòp, peyi tankou ; Lituanie, Lettonie, ak Lestonie estime li nesesè pou kontinye fè presyon sou Larisi, e pou sa yo dwe tabli kreyasyon yon tribinal espesyal pou jije krim, dwa entènasyonal kalifye kòm krim de gè ke larisi ap komèt.

Kaja Kallas ki se premye minis peyi Estoni fè konnen Inyon Ewopèyèn, taka yon pilye ki pou pèmèt sa fèt. Yon lòt kote premye minis Letoni an Krisjanis Karins ale nan menm sans lan, pou mande ewòp pou kòmanse travay nan lojik pou tabli yon tribinal espasyal pou jije peyi Vladimir Poutine nan pou tout atwosite lap komèt pandan gè sila nan peyi Ikrèn.

Repiblik tchèk k ap egzèse, presidans semestriyèl konsèy Inyon Ewopeyèn, pwononse l egalman, an favè kreyasyon yon tribinal espesyal, aprè yo dekouvri divès kò ki antere nan vil Izioum nan Lès peyi Ikrèn.

Peyi Baltes yo, ouvè yon kad enfòmasyon jidisyè pou krim lagè nan non prensip konpetans inivèsel. Kidonk gen yon pakè ki lanse yon demach kolèkt enfòmasyon espesyalman prèv ke refijye Ikrenyen yo ka founi, menm si se ta pou listwa.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841