38èm Prezidan peyi Brezil la, Luiz Ignacio Lula Dasilva ou Jair Bolsonaro

Soti 1989 pou rive 2018, peyi Brezil òganize 7 eleksyon. Ladan yo, tout 7 kandida ki te mennen nan 1e tou yo, se yo menm ki toujou vini prezidan peyi a aprè dekont yo fin fèt nan dezyèm tou yo. An nou gade kijan sa te ye ant divès aktè politik Brezilyen, nan nivo Prezidan.

I. Nan lane 1989, prezidan Fernando Affonso Collor de Mello te fè 34, 47% nan 1e tou epi prezidan Luiz Ignacio Lula Dasilva te fè 17, 18%.

Nan 2èm tou : P. Color vin fè 53, 03% epi P. Lula 46, 97%

II. 1994 1e tou : Fernando Henrique 54, 24% epi Luiz Ignacio Dasilva Lula 27, 05%

2èm tou : P. Henrique 53, 06% epi P. Lula 31, 71%

III. 2002 1e tou : Luiz Ignacio Dasilva Lula 46, 44% epi José Serra 33, 19%

2èm tou : P. Lula 61, 27% epi P. José 38, 73%

IV. 2006 1e tou: Lula 48,61% epi Geraldo José Rodrigues Alckmin Filho 41, 66%

2èm tou : P. Lula 60, 83% epi P. Geraldo Alckmin 39, 17%

V. 2010 1e tou: Dilma Vana Russeff 46, 91% epi José Serra 32, 61%

2èm tou: P. Dilma 56, 05% epi P. José 43, 95%

VI. 2014 1e tou: Dilma Vana Russeff 41, 59% e Aécio Neves 33, 55%

2èm tou : P. Dilma 51, 64% epi P. Neves 48, 36%

VII. 2018 1e tou : Bolsonaro 46, 03% e Fernando Haddad 29, 28%

2èm tou : P. Bolsonaro 55, 13% epi P. Haddad 44, 87%

VIII. 2022 1e tou: Luiz Ignacio Lula Da Silva fè 48, 43% epi Jair Bolsonaro fè 43, 20%

2èm tou eleksyon sa yo ap fèt dimanch 30 oktòb la k ap vini la a.

Ane 2022 sa a ki make yon nouvo eleksyon prezidansyèl o Brezil, P. Lula (PT) Pati Travayè te rive genyen premye tou yo a 48, 43% vòt yo, kont Jair Bolsonaro (PL) Pati Leberal, ki se aktyèl prezidan peyi a epi kandida, te fè 43, 20%. Anpil Brezilyen ak lòt moun k ap swiv eleksyon sa yo de prè pa sispann pote tèt yo kesyon sa a: èske Ansyen Prezidan e aktyèl kandida Luiz Ignacio Dasilva Lula ap rive pran mayèt peyi a jan sa fèt pandan 29 dènye lane sa yo, youn aprè lòt, nan kad eleksyon prezidansyèl yo nan 5e pwisans tèritoryal la, Brezil ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...