Lagè Larisi ak Ikrèn gen plis pase 6 mwa, ap boulvèse mond lan,  sa ki pa kite lòt nasyon yo endiferan, rezon k eksplike divès Eta ankouraje etablisaman yon tribinal espesyal pou jije krim de gè yo.

Nan zafè jistis penal entènasyonal kou penal entènasyonal (CPI) avek apwobasyon plis pase 40 Eta tankou : Peyi  Baltes, Australie, Canada, Suisse, Colombie, Costa Rica avek peyi ki fè pati Inyon Ewopeyèn yo, lanse yon ankèt entènasyonal 2 mars 2022 an, pou jije divès deriv kap fèt nan gè ant Larisi ak Ikrèn nan, se pou sa Karim Khan, ki se pwokirè CPI te rann ni avek plizye ekspè sou plas pi presizeman nan vil Butcha nan peyi Ikrèn pou analize sitiyasyon an. Entèpelasyon pou tabli kreyasyon yon tribinal penal espesyal te lanse pa Kiev answit divès lot Eta apiye demach sa epi lanse yon pledwari an favè koz sila.
Yon lot kote anpil moun ki avize nan zafè dwa entènasyonal ap kesyone eske gen yon baz rezonab pou CPI lanse yon ankèt, oubyen eske CPI konpetan tou pou trete yon parèy dosye ?

(CPI) Kou penal entènasyonal

Kou penal entènasyonal se yon jiridiksyon penal pèmanan ki gen vokasyon inivèsèl, la pou jije moun ke yo akize de jenosid, krim kont limanite, krim agresyon ak krim lagè. Enstitisyon sila fonde gras ak yon trete entènasyonal denome 《statut de rome》adopte 15 Jen pou rive 17 Jiyè 1998 a Rome kapital Italie, epi antre an vigè 1 jiyè 2022. CPI gen konpetans pou l jije diferan krim tankou : krim de gè, krim agresyon ak krim  kont limanite.
Enstitisyon slia elijib :
a) Pou dosye ki konsène  peyi ki ratifye trete ki defini li an.

b) Pou jije endividi ki apatatyen ak eta manb li yo, oubyen lè krim nan fèt sou tèritwa yon eta manb.

c) Lè konsèy sekirite nasyonzini transmèt li yon dosye.

Ankèt CPI lanse

Depi kreyasyon enstitisyon sila jiska jodia CPI lanse plizyè ankèt nan divès Eta tankou ;
Ouganda (2004), Soudan (2005), Centrafrique (2007), Kenya (2010), Libye (2011) pou n site sa yo sèlman. Men nan dosye Ikrèn ak Larisi a, CPI lanse yon ankèt pou krim de gè ak krim kont limanite.

men 2 peyi konsène yo pa siyatè 《statut de Rome》 nan. Donk enstitisyon sila pa ta sipoze konpetan pou entèveni nan dosye sa, pakonsekan eske ekspè nan Dwa entènasyonal yo ap tabli yon lot altènativ oubyen tabli yon lòt fòm enstitisyon espesyal kap pèmet yo tradwi peyi Vladimir Poutine nan devan lajistis.

Jefferson Bonissant, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841