Rezilta eleksyon prezidansyèl peyi Brezil yo tonbe. Pou yon 3e fwa (27 oktòb 2002, 29 oktòb 2006, 30 oktòb 2022), Lula eli prezidan peyi a avèk 50,9 % vòt yo anba pati (PT) ki se Pati Travayè a. Alòske Bolsonaro totalize 49,1 % anba pati (PL) ki se Pati Liberal la. Soti 1989 pou rive 2022, tout kandida pou pòs prezidan ki fini an 1e pozisyon nan 1e tou yo nan Brezil, toujou fini prezidan peyi a.

San se pa yon sipriz pou tout moun k ap suiv politik Brezil la depi akseksyon prezidan Bolsinaro sou pouvwa a, plizyè wout bloke, kawotchou ap boule nan peyi Brezil notamman nan eta Santa Catarina, byen bonè lendi 31 oktòb 2022 a. Se zèv prezidan aktyèl peyi a Jair Bolsonaro, ki li menm te deja anonse plizyè fwa, depi se pa li menm ki rive prezidan ankò, li p ap aksepte rezilta yo anfas nouvo prezidan Lula.

Depi nan eleksyon yo ki t ap dewoule dimanch 30 oktòb la, France 24 te anonse anba enfliyans Jair, yon gwoup ajan te deside bloke divès pataj nan youn nan basyon elektoral Lula yo. Yon konpòtman prezidan Lula te kritike epi pote plen kont li.

Yon lòt bò, sou paj ofisyèl li, men sa prezidan tou nèf pou 3e fwa a ekri ayè dimanch 30 oktòb 2022 a, tou suit aprè piblikasyon rezilta yo: «Apati 1e janvye 2023, mwen pral gouvène pou 215 milyon Brezilyen, pa sèlman moun ki te vote pou mwen. Pa gen de Brezil. Nou se yon sèl peyi, yon sèl pèp, yon sèl gwo nasyon.

N ap raple, Donald Trump ki se anyen prezidan dèzetazini, li menm tou nan fason pa li, te tante yon aksyon parèy, lè li te konteste eleksyon yo, aprè li te fin pèdi anfas nouvo dirijan mezon blanch lan, Joe Biden, nan dat novanm 2020.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...