Aprè defèt Bolsonaro nan eleksyon dimanch 30 oktòb ki sòt pase la kont Lula Da Silva, Prezidan sòtan te resi sòti nan silans li, li pale ak medya yo epi kondane tout deblozay ki te fèt nan diferan kwen nan peyi Brezil aprè yo te fin bay rezilta eleksyon yo.

Prezidan peyi Brezil la, Jair Bolsonaro, pa rekonèt defèt elektoral sa kont Lula Da Silva, aprè anpil tan, tout moun tap tann deklarasyon li sou rezilta eleksyon yo, Prezidan malere nan dezyèm tou an, te resi pale ak medya yo, nan yon diskou tou kout kote l deklare » li santi li plis vivan pase tout tan « . Konsènan leve kanpe ki te fèt nan diferan zòn nan peyi a, li konsidere ke «yo se pwodwi endiyasyon ak santiman enjistis pou fason pwosesis elektoral la te dewoule» e li kondane yo lè li di ke metòd patizan li yo «pa ka menm jan ak moun ki nan lagòch yo».

Li kontinye poul di «Mwen vle kòmanse remèsye 58 milyon brezilyen ki te vote pou mwen nan dat 30 oktòb la,»

Demonstrasyon lapè yo toujou akeyi, men metòd nou yo pa ka menm jan ak sa yo ki nan lagòch la, sila yo ki te toujou ap preche ak popilasyon an envazyon nan pwopriyete ak destriksyon.

Li fè konnen tou «Avèk reprezantasyon solid nou an nan Kongrè a, ak fòs nan valè nou yo, Bondye, fanmi ak libète, nou ap fòme yon lidèchip diferan nan Brezil. Rèv nou an pi vivan pase tout tan, nou se lòd ak pwogrè, «li ensiste.

«Nou simonte yon pandemi ak konsekans yo nan yon lagè Larisi ak Ikrèn. Mwen te toujou montre volonte m pou demokrasi e kontrèman ak akizasyon yo fè sou mwen yo, mwen te toujou jwe nan liy Konstitisyon an.
Li refere l ak akizasyon divès kalite li te resevwa nan men brezilyen yo. «Kòm prezidan repiblik e sitwayen, mwen pral kontinye respekte tout kòmandman yo nan Konstitisyon nou an,»

«Kounye a mwen se lidè plizyè milyon brezilyen ki defann libète ekonomik, libète relijyon, libète opinyon, onètete ak koulè vèt ak jòn drapo nou an,»

Ki jan tranzisyon an pral ye ?
Jan ajans jounal Reuters rapòte, alye politik Bolsonaro yo, ki gen ladann chèf anplwaye li Ciro Nogueira, deja kòmanse etabli kontak ak ekip Lula pou diskite sou yon tranzisyon. Gen kèk, ki gen ladann oratè chanm bas la, ki te di piblikman gouvènman an ta dwe respekte rezilta eleksyon an.

Pi gwo tribinal Brezil la bay lapolis lòd pou retire plizyè douzèn baraj patizan prezidan an te mete pou yo pwoteste kont defèt eleksyon an, alòske lidè ekstrèm dwat la te rete an silans.Lapolis Federal Highway (PRF) te di ke kamyonè yo te bloke wout nan plizyè santèn pwen, pasyèlman nan kad manifestasyon ki te pwopaje nan omwen 21 eta nan Brezil.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar