Bandi ak zam, asasine Eric Jean Baptiste, sekretè jeneral pati politik RDNP a vandredi 28 oktòb 2022 a nan laboul. Bandi yo krible machin lidè a ak bal pandan li ta pral rantre lakay li. Yo te kouri lopital ak li malerezman li rann dènye souf li. Yon ajan sekirite ki te akonpaye Eric mouri tou.

Daprè sa jij de pè Clément Noël ki fè konsta a rapòte; machin viktim nan resevwa 14 bal, 5.56. Eric resevwa yon sèl bal nan senti epi Peterson Vernius resevwa 3 bal. Asasen yo pote ale zam ki te nan men viktim yo plis pòtfèy Erik.

Selon sa pwòch Eric Jean Baptiste fè konnen, machin li te ladann nan te blennde, nan nivo 4. Malgre blendaj la, sa pat anpeche katouch bandi yo pèsel, paske sete zam gwo kalib.

Nap raple, responsab RDNP a ki se tou propriyetè bòlèt pè letènèl loto te sibi yon atak deja an Oktòb 2018 nan zòn Kafou fèy. Li te pran yon bal nan bra. Eric mouri a laj 52 lane.

Machin ensekirite a kontinye ap fè wout li nan peyi Ayiti pandan otorite yo menm rale zòrye yo ap dòmi.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841