Fenomèn gang ame a finn blayi kò l nan tout ti kwen nan peyi Dayiti, leta pa janm di yon mo, sa ki lakoz gang parèt nan zye sosyete a tankou yon fè nòmal

Depi kèk tan, kapital metropolitèn nan barikade ak gang, kounye a se kou pa Kanaran zòn bò sab ki chita kò l sou wout nasyonal #3, se menm wout sa ki mennen nan depatman Sant peyi a e ki relye lòt depatman tankou Latibonit.

Depi Madi 4 oktòb 2022 a, wout sila parèt prèske enpratikab aprè nèg ak zam te louvri kout bal sou plizyè sitwayen pezib ki tap pase nan moman yo tap simaye katouch lanvè kou landwat, aprè konsta jij de pè, lajistis revele 12 moun pedi lavi yo e plizyè lòt al pran swen sou kabann lopital. Nap raple nou , konsta jounalis centre à la UNE fè sou plas , depi lè masak sa finn pase, zòn nan tounen pratikman yon dezè e se ak kè sote moun pran chans pase ladann.

Nap fè konnen ; zòn bò sab ki sou wout nasyonal #3 a ki anvan nou rive anba mòn kabrit (bò sab) te tounen yon lye aktivite depi kèk tan. Li te gen plizyè estasyon: moto, kamyon sab pou vann, machin pou al kafou ayewopò, Gérald Bataille ak anba lavil. Mache sa ki pote non pasyans , se la plizyè ti machann lote ti penitans yo akoz yo pa ka desann lavil .

Réginal LOUIS, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841