Men kèk komin nan Depatman Sant peyi Ayiti kèk lekòl ouvri Tipa tipa 7 novanm 2022 a: Boukankare, Laskawobas, Beladè, Sodo, Sèkalasous, Tomond, Mibalè, Savanèt selon enfòmasyon jounal la dispoze. Nan lis lekòl sa yo genyen prive ak Leta. Efektif timoun yo pa t twò anpil, men yo te rive fonksyone. Nan majorite sant vil ki nan komin sa yo, timoun yo pa t prèske reponn poutan, seksyon kominal yo te parèt plizoumwen, konparativman ak efektif sant vil yo.

Puiske jounal la p ap ka fè l konsa pou tout komin nan Depatman an, nou chwazi prezante w komin Savanèt kòm echantiyon.

PIBLISITE PEYE

Re-ouvèti klas la nan Savanèt pou jounen lendi 7 novanm lan pa gen anpil elèv ki pran lari, byenke tout direksyon Lekòl yo louvri pòt yo, estaf anseyan yo motive, men resèt elèv lan mèg.

Pou echantiyon lekòl sa yo :

-École Nationale claire heureuse =50
-École papillons Leger= 50
-Collège Notre Dame de la Nativité = 12
-École Notre Dame de la Nativité =15
-Nationale Altida Georges=127
-Collège Évangélique Baptiste Siloé =15
-Institut Soleil Brillant =5

Gen anviwon 274 elèv ki reprann chimen lekòl nan Savanèt jodi lendi 7 novanm 2022 pou demare premye jounen ane akademik lan.

PIBLISITE

Daprè remak jounal centre à la UNE fè, gen elèv ki fè deplasman an sivil pou al verifye si etablisman lekòl yo fonksyone pou premye jou re-ouvèti a. Sa ki ta lèse kwè, elèv yo anvi retounen lekòl.

Se pandan, deba yo toujou rete trè miskle ant 2 gwoup moun nan popilasyon an sou kesyon ouvèti lekòl la : yon premye gwoup ki kwè sityasyon sosyo-ekonomik la pa pèmèt lekòl la louvri, yon lòt gwoup kwè jan minis la te deklare sa, Tipa Tipa pòt lekòl yo ka rive louvri.

Florince Fragile, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....