Suit ak twoub ki te bloke aktivite lekòl la, MENFP anonse yon lòt kalandriye

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen l ap travay sou yon nouvo kalandriye pou ane akademik 2022-2023 a. Anons sa a te fèt ayè dimanch lan ki te 20 novanm 2022 a.

Selon yon nòt pou laprès Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò, nouvo kalandriye a pral pran an konsiderasyon pwoblèm peyi a ap rankontre yo, pandan l ap teni kont de jou ki deja pase yo.

Ministè a envite tout aktè pou yo kontinye mobilize e aji pou respè dwa timoun yo genyen pou jwenn edikasyon kèlkeswa sikonstans yo.

N ap note, nan kèk depatman nan peyi a, tankou Plato Santral ak Nip san n pa bliye zòn Lagonav, kèk lekòl rekòmanse aktivite yo apre mouvman ajitasyon sosyo-politik ki te deranje ane lekòl la kòmanse an reyaksyon ak desizyon gouvèman Ariel Henry a te pran pou monte gaz la.

Anpil moun ki panse lekòl se youn nan lye ki ka ede Ayiti soti nan sa li ye a, pa janm sispann fè yon ansanm pledwaye pou ouvèti lekòl la. Pou yo, menm lè yon peyi ap fè lagè, lekòl dwe kontinye fonksyone.

Sérondier LOUISIA.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841