25 jèn etidyan nan vil Mibalè, sou baz ekselans benefisye yon seri fòmasyon sou Antreprenarya sòti 6 oktòb pou rive 4 novanm 2022

SOPHIDES an kolaborasyon ak INFP(institut national de formation professionnel) sou lidèchip direktè Meron Céus pèmèt 25 jèn ekselan benefisye yon seri fòmasyon sou «Entrepreuneuriat» nan kad pwogram ; 《 «Pilote de formation de jeunes
Entrepreneurs en Haïti» 》ki kòmanse nan dat 6 oktòb 2022 pou rive 4 novanm 2022. Yon seri fòmasyon ki reyalize nan sousi pou fasilite jèn yo gen kapasite ak abilite pou eksplwate opòtinite ki nan anviwònman yo e pèmèt yo devlope sans responsabilite ak lidèchip pou yo kapab kreye epi jere antrepriz yo ak efikasite.

Cadet Pouchon ki se yon etidyan nan «teknik jeni civil»/konstwiksyon batiman pat kache kontantman l pou kalite fòmasyon sa a li gen chans resevwa e pwofite remèsye direktè Meron Ceus pou demach li fè pou pèmèt jèn nan vil Mibalè resevwa fòmasyon sila, jèn teknisyen an ankouraje leta ak lòt aktè nan kominote a pou kreye bon jan kondisyon pou pèmèt jèn yo benefisye jan de fòmasyon sa yo pi souvan.

Yon lòt kote Mariflaure Daphnay Altidort etidyan nan»Hôtellerie et tourisme» temwaye ; Fòmasyon sa pèmèt mwen valorize tèt mwen e li banm plis abilite pou m jere biznis mwen pi byen, anpil fwa nan eksperyans pèsonèl pam, mwen te konn devlope estrateji san m pat men m rann mwen kont, donk kounya mwen gen plis abilite ak kapsite pou rann estrateji yo pi efikas epi reponn ak ekzijans anviwònman ke map evolye a. Se plis ke yon kontantman pou m benefisye fòmasyon sa e mwen swete pwochèn fwa tout etidyan CFPM (Centre de formation professionnelle de Mirebalais)yo jwi privilèj sa a.

Fòmasyon sila ki fèt sou baz ekselans, jwenn benediksyon 25 privilejye yo ki pat pè manifeste jwa ak satisfaksyon yo, swete ke pwochèn fwa kad la ap elaji pou plis etidyan ka patisipe, selon yo menm fòmasyon sila ap itil yo ni sou plan pèsonèl ak ni karyè pwofesyonel yo.

Meron Céus ki se direktè CFPM, ki toujou ap pwomote eslogan sila : «yon jèn, yon metye» pat kache kontantman l epi pataje sakrifis li fè pou jèn sa yo benefisye seri fòmasyon sa yo.

Nan yon konjonkti sosyo-politik difisil, kote anpil moun kap fè sa ki pozitif ap dekouraje men direktè Meron Céus pa sispann mache chache lespwa pou etidyan yo nan vil Mibalè.

Zacharie BRUTAL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841