«Nou apiye pozisyon Larisi pran nan konsèy sekirite ONI an, paske se pozisyon Pati Politik Pitit Desalin PPPD tou, sou fenomèn ensekirite a. Nou toujou di sa, se pa voye fòs militè ki solisyon an, se an amon pou yo rezoud ensekirite a ; sa vle di, se gwo men k ap bay zam yo pou yo koupe.» Se sa ansyen Senatè Nò a, Jean-Charles Moïse pibliye mèkredi 25 jan 2023 a, sou kont twitè li.

Nan konsèy sekirite Nasyonzini an ki t ap fèt semèn sa a, Ayiti te prèske nan tout deba yo, parapò ak nivo degradasyon sekirite popilasyon an.Kontrèman ak divès lòt peyi ki kwè, se sèl yon entèvansyon militè k ap sòti nan entènasyonal li ki ka ede Ayiti, peyi Larisi kwè se pa sa ki solisyon an.

Dmitry Polyanskiy ki te reprezante peyi Larisi nan konsèy sekirite Nasyonzini an te eksprime l, konsa sou ka Ayiti a : «Ayiti ap sibi yon kriz Leta tou, ki jwenn baz li nan movèz pratik politik etranje ak politik newokolonyal la, sa anpeche anpil nan kòlèg yo ki nan konsèy la, di bagay la jan l ye a.

«N ap note, se prèske chak jou konsèy sekirite Nasyonzini an ap prezante divès lòt epizòd nan fim sila, ki lye ak yon entèvansyon militè pou Ayiti jwenn yon solisyon ak gang yo ki pratikman fin pran peyi a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...