Anviwon 13 Polisye tonbe pou sèlman mwa janvye 2023 a an Ayiti, alòske ane a apèn kòmanse. Se sou nòt sa a, Kolektif Defansè Plis ki se yon òganizasyon dwa moun leve vwa li jedi 26 janvye 2023 a pou rele anba ensekirite, twòp san koule. Kolektif la lonje dwèt li byen long sou responsab Polis la ak tout Ariel Henry.

Kolektif Defansè Plis mande pi bon kondisyon travay pou polisye yo, swa nan ekipman, swa nan ransèyman. Garanti bon jan kouvèti sekirite pou polisye yo pandan yo nan operasyon. Òganizasyon k ap defann dwa moun lan swete tou pou yo byen jere lajan ki ensere nan bidjè a, ansanm ak tout lòt don ki destine pou enstitisyon polisyè a.

Pou fini, Kolektif Defansè Plis mande pou dirijan yo louvri yon ankèt san pèdi tan, sou fason polisye yo tonbe nan kad travay yo, san bliye akonpayman nesesè pou fanmi polisye sa yo.

Fragile Florince, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841