Fondasyon «Saint Luc» #FSL, «petit freres et Soeurs» #NPFS mande ravisè yo souple pou yo libere Doktè Geneviève Arty yo te kidnape sou wout Frè nan «Petion Ville»Ayiti , 2 fevriye pase a. Yo fè demand liberasyon an nan yon nòt yo rann piblik madi 21 fevriye 2023 a.

Nòt la presize Doktè Geneviève se manb fondatè «lopital Saint-Luc» etou li se manb fondasyon «Petits-frères et soeurs» depi 30 lane. Anplis li se Direktè lopital Saint Damien pandan 15 lane.

Yo fè konnen nan yon kontèks kote anpil profesyonèl ap kouri kite peyi a, Doktè Arty se youn nan ra medsen ki chwazi sakrifyel pou rete bay swen ak tout moun nan peyi a.

Òganizasyon sila yo mande kidnapè yo pou fasilite Doktè a rejwenn fanmil k ap soufri anpil.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....