Lapolis Dominiken arete Geraldo Brutus ki se youn nan prezime asasen 6 polisye Lyankou yo selon sa yo fè konnen . Fòs lòd Dominiken yo ki fè arestasyon saa 20 fevriye 2023 a, deja remèt Geraldo ak otorite Ayiti yo.

Alòske bandi ak gwo zam fann fra te imilye 25 janvye 2023 a, anviwon 6 polisye nan Lyankou kote yo te vide bal sou yo epi rache yo ak manchèt.

Nan kad dosye sila otorite Dominiken yo fè konnen yo arete Geraldo nan sware lendi 20 fevriye 2023 a nan yon vil provens yo rele Duvergé nan Repiblik Dominikèn.

Annviwon yon mwa aprè asasina 6 polisye yo nan Lyankou bandi yo kontinye ap vale tèren kote plizyè komisarya oblije fèmen pòt yo tankou: Lyankou, Lestè, Tirivyè ak Vèrèt.

N ap fè remake malgre enstalasyon Godson Jeune ki se nouvo Direktè Depatmantal Latibonit lan pa genyen anyen ki chanje nan kriz ensekirite a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841