Responsab yo k ap egzekite pwojè nan inisyativ pou yon Dévlopman ekitab an Ayiti» (IDEH) anpatenarya ak Asosyasyon k ap fè pwomosyon pou fanmiy Ayisyèn yo (PROFAMIL) klotire gwo pwojè yo tap òganize nan vil gonayiv pou moun andikape yo Madi 21 Desanm 2023 a.

Mme Esther Lebreton kise responsab pwojè IDEH pou Gonayiv l fè konnen, pwojè sa t ap òganize nan 3 rejyon tankou Gonayiv, Pòtopwens ak Ench ki dire 39 mwa. Li te kòmanse 1ye Desanm 2019 pou bout nan mwa
fevriye 2023. Projè a te finanse ak yon montan ki evalye a 500 san mil dola Ameriken e li te genyen pou tèm: «Égalité des chances et accès aux mécanismes de réponse et institutions de lutte contre les violence faite aux femmes et aux filles en situation Handicap».

Mme Lebreton kontinye pou di se gras ak bourad espesyal ONU yo rive reyalize projè sila.

Ajan teren IDEH la Mme Esther pilwen deklare se ak yon kontantman y ap klotire aktivite sa swit a divès aktivite li di yo te reyalize ak moun andikape yo nan vil Gonayiv men ki vin bali yon chagren akoz moun k ap viv ak andikap sa yo pa gen mwayen pou yo viv malgrel estime yo genyen anpil kapasite. Jiris la di nan seri aktivite yo, yo montre benefisyè yo kòman pou yo viv ak dwa epi devwa yo genyen nan sosyete a sitou sou vyolans k ap fèt sou moun k ap viv ak yon andikap. Li fè konnen pwojè a rive touche anviwon 300 moun k ap viv ak yon andikap fizik ak plizyè pwogram yo te òganize tankou: 2 kanpay medyatik pou sansibilize sosyete a sou moun k ap viv ak yon andikap rankont chita pale ak plizyè responsab enstitisyon pou fè yo konnen dwa moun andikape yo genyen, vyolans y ap sibi, adaptasyon 4 zouti manyèl fòmasyon an matyè sansibilizasyon sou VBG,3 atelye ak asosyasyon yo, prizanchaj sou yon ventèn ka sou vyolans ki fèt sou fanm ak tifi,12 evènman istorik,7 seyans dechanj ak aktè nan lasante ak lajistis yo sou vyolans ki fèt sou fanm ak tifi, mizanplas yon pwotokòl sou prevansyon ak yon fòmasyon sou siko-sosyal viktim pou’n site sa yo sèlman an.

Mme Esther Lebreton di li satisfè anpil de moun li fòme yo ki selon li menm chanje atitid yo pandan chak mwa yo t ap swiv fòmasyon yo,kote ke yo genyen menm dwa ak yon moun ki p ap viv ak yon andikap e yo kapab patisipe nan kelkeswa aktivite sosyal ak Politik pou yo kapab jwi privilèj yo nan sosyete a tankou patisipe nan eleksyon atravè plizyè pòs andedan peyi a, gen mari ak Madanm lakay yo elatriye. Nimewo en IDEH a nan vil Gonayiv mande ak popilasyon ayisyèn nan pou pran anpil pasyans ak moun andikape yo, pèmèt yo gen aksè pou frekante espas yo san okenn difikilte ak fasilite pou entegre nan enstitisyon yo sitou lekòl yo, enklizyon an dwe fèt pou tout moun k ap viv ak andikap nan peyi a ka al pran moso Ledikasyo ak pwofesyon.

Plizyè andikape kite pran lapawòl pandan pwojè a t ap klotire a pat mete dlo nan bouch yo pou felisite ak remèsye ajan teren pwojè Inisyativ Devlòpman pou yon ekitab Ayiti (IDEH). Kèk pami yo relate Mme Esther Lebreton te byen travay ak yo pandan 39 mwa pwogram nan. Andikape sa yo deklare, yo chagren anpil akoz pwojè a fini ak responsab la k ap kite yo a pou fason li te byen travay ak. Yo di yo swete Mme Esther toujou rete konekte ak yo menmsi pwojè a rive nan bout li pandan yo mande ak responsab IDEH yo ki onivo biwo santral kapab travay nan lide pou wè kòman pwojè a ka rive kontinye nan entansyon moun ki ki pa genyen ni rele ak reponn akoz Leta neglije yo nan katriyèm vil peyi a.

Nap raple se depi nan dat 12 Janvye 2010 pase a peyi Ayiti vin chaje ak moun k ap viv ak andikap ki lage pou kont yo malgre yo chaje ak konpetans. nan divès enstitisyon prive ak Piblik absans moun sa yo briye e menm espas yo pa rive aksesib pou yo ta frekanl si yo ta genyen yon bezwen. Yonkonsta nan plèn venteyinyèm syèk sa ki montre aklè kesyon enklizyon y ap pale a jiskaprezan Ayiti poko wèl.

Israël CEDIEU Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841