Lapolis nan Dèlma arete nan kòmansman semèn nan Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pwòp pitit fi li ki gen sèlman 12 zan selon sa fòs lòd yo rapòte ak laprès.

Viktim nan eksplike papa a te agrese l seksyèlman nan lannwit samdi 18 fevriye a. Se akoz doulè penetrasyon an pwovoke ki fè papa a te oblije abandone sa dapre sa li presize.

Timoun nan fè konnen se apre 2 tantativ papa a te deside bay vag men li mande l pou l pa di lòt moun sak pase a.

Alex Deroné ki konn patisipe nan publisite ki pase nan medya tankou radyo ak televizyon voye jete akizasyon sa yo. Li lonje dwèt li sou matant timoun nan ki se sè Joseph Judette ki ta manipile timoun nan dosye sa.

Nap note se matant timoun nan ki te akonpagne viktim nan pote plent kont prezime agresè a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841