organisation des Citoyens Contre la Pauvreté (OCCP), ki genyen fondatè li Acfénès Antoine, Association des Femmes Solides pour le Développement de Juanaria. ( AFSDJ) ak
Village MED Aux Etats Unis d’Amerique ki genyen nan tèt li Nancy Quincy lanse projè konstwiksyon yon sant sante nan seksyon Jwanarya komin Ench Ayiti vandredi 24 fevriye 2023 a devan plizyè otorite ak notab nan zòn nan.

Nan diskou li nan okazyon an, responsab OCCP a te profite deplore sitiyasyon difisil moun nan zòn nan k ap mouri akoz swen sante yo pa rive jwenn. Li kontinye pou li di souvan moun yo fè konnen se djab k ap manje yo poutan se swen sante yo pa jwenn.

Nimewo en (1) OCCP ale pi lwen pou remèsye chak grenn òganizasyon patnè li yo ak chak grenn moun ki te pote kole pou rive kontribye nan fason pa yo pou ede kominote a benefisye projè sant sante sila.

Projè konstwiksyon sant sante sila ap koute san venn de mil sèt san katòz dola Ameriken ( $122 714) e yo deja genyen Pauleus ak Adrien Antoine ki fè yo kado 14 santyèm tè kòm patisipasyon kominotè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841