Sete yon 8 mas nan lane 1859,te gen patwon yo te asasinen 129 ouvriye fanm nan faktori tekstil paske yo tap manfe yon pi bon salè nan travay yo. Nan lane 1910, yo deside dekrete 8 mas lan kòm jounen entènasyonal dwa fanm yo.

Se nan menm sousi saa, MOFALAK kise Mouvman Fanm Lakay An aksyon ki baze nan Savanèt, Jerizalèm ak Kanaran pwofite jounen 8 mas 2023 pou kontinye reflechi sou tout kalite fòm vyolans fanm ak tifi yo kontinye ap sibi swa konsekans ensekirite jeneralize ki blayi sou tout peyi a, swa nan antrepriz ak nan enstitisyon yo kote yo pa sispann maltrete trete fanm.

Nan nòt saa MOFALAK pwofite mande leta ak sektè prive, òganizasyon dwa moun yo nan Ayiti pote solidarite ak fanm yonan peyi a pou ede sa ki viktim yo jwenn jistis e respè pou tout fanm an jeneral yon fason pou fanm yo kontinye viv nan lapè.

Kòdonatris MOFALAK lan, Saniece Petitphat pwofite okazyon an pou atire atansyon otorite yo sou vyolans fanm yo kontinye ap sibi nan zòn fwontyè yo. Sitou sou fwontyè migèl ak Wonndovay sou komin Savanèt, medam yo sibi anpil agresyon ak vyolans nan kad aktivite komès yap mennen sou fwontyè ayisyanodominiken an.

Pou fini, Kòdonatris MOFALAK pou komin Savanèt lan, Myriam Marius ansanm ak sekretè kominal MOFALAK lan, Ania Gervé mande lete ayisyen, sitou pouvwa jidisyè a pou yo resantre balon an pou peyi a pa fin chavire nèt. Li lè, li tan pou pèp ayisyen rale yon souf.

Florince Fragile, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841