Enstiti dominiken aviyasyon sivil (IDAC) rapòte ke yon elikoptè ki tap antre Ayiti kraze jounen mèkredi 8 mas 2023.

Elikoptè Bell 206,HI951 ki te dekole nan ayewopò entènasyonal Joaquín Balaguer, nan Higüero, yon pwovens san Cristóbal, Santo Domingo kraze nan zòn Naranjos tou pre Los Cacaos, komin sèkalasous Ayiti.

Negarit María Espaillat, pilòt polis nasyonal dominiken, se sèl viktim ki tap pilot Elikoptè silaa ki rive mouri a laj 55 lane.

Emmanuel Soufront, pilòt jeneral kap dirije Komisyon ankèt sou aksidan Aviyasyon yo nan repiblik Dominiken (CIAA) deja lanse yon ankèt pou konnen orijin ak kòz aksidan silaa.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841