Prime Minister Justin Trudeau, right, takes part in a bilateral meeting with Prime Minister of Haiti Ariel Henry during the Conference of Heads of Government of the Caribbean Community (CARICOM) in Nassau, Bahamas, on Thursday, Feb. 16, 2023. (Sean Kilpatrick /The Canadian Press via AP)

Se chèf eta_majò peyi Kanada a an pèsòn, Wayne Eyre, ki fè konnen jedi 09 mas 2023 a, fòs lame Kanada a ki deja mobilize pou ale sipòte peyi Ikrèn ak OTAN, pa gen kapasite sifizan pou yon lòt misyon sou sitiyasyon ensekirite Ayiti ap fè fas la. Se sa radyo Kanada pibliye.

Aprè yon konsèy minis ki te fet nan sware 8 oktòb 2022 a, gouvènman premye minis defakto Ayiti a, Ariel Henry, mete yo dakò pou mande kominote entènasyonal la yon asistans militè miltinasonal, pou foule sòl papa Desalin nan, pou goumen anfas gang yo ki fin achte peyi a lajan kontan. Tout sa, daprè sa jounal Ameriken Miami Herald te fè konnen.

Depi aprè anons sila, pèp Ayisyen an pral divize sou vini fòs militè sila. Yon bò, g on gwoup ki dakò pou blan an antre epi pasifye Ayiti. Yon lòt kote, divès sitwayen fè konnen blan an se èd pou yon ti tan l ap pote nan ensekirite a. Pou yo, si se blan an ki te kapab sove Ayiti vre, li pa t ap deja voye 10 misyon nan peyi a, pou vin tabli lòd, lapè ak sekirite. Anplis, blan an t ap mye ede peyi a, lè li jis akonpaye polis Ayiti a, san okenn entèvansyon.

Nasyonzini pa ko janm ka ede Ayiti jere okenn nan kriz li yo, aprè 10 misyon li deja voye an Ayiti ant 1993 e 2023, ki pa janm pote anyen de konkrè epi dirab pou peyi a. Nou ka site: MICIVIH, MINUHA, MANUH, MITNUH, MIPONUH, MICAH, MIF-H, MINUSTAH, MINUJUSTH, BINUH.

Poutan, pi lwen, san pè, ni wont, ni jèn, menm Direktè Jeneral polis Ayisyèn nan, Frantz Elbe, pran laprès pou fè divès konsiderasyon sou sitiyasyon ensekirite peyi a, e finalman mande prese prese pou yon fòs militè miltinasyonal foule sòl Ayiti a, nan sousi pou vini pasifye l. Direktè defakto a te fè deklarasyon sa yo 28 desanm 2022.

Nan menm moman sa yo, peyi Lèzetazini ak Kanada entwodui yon lòt epizòd tou nèf nan feyton an, kote yo fè konnen yo kòmanse pran sanksyon kont yon dividal sitwayen Ayisyen, pou yo ki lye ak gang, ki se gang, ki se dwòg dilè, k ap mache blanchi lajan sal, elatriye.

Jou ale, jou vini. Divès misyon antre Ayiti. Reyinyon sou reyinyon chak jou pou konnen ki fason misyon an ap rive foule sòl peyi a, kilè l ap disponib pou antre e sitou ki peyi k ap dirije twoup la. Lèzetazini ki se sèl kòk chante ak lòt chèf de fil ki di yo se zanmi Ayiti, te fè divès pwopozisyon peyi, nou vle pale de: Kanada, Brezil, yon peyi Karikòm…

Pou kontinye montre kouman yo sousye sou pwoblèm ensekirite Ayiti a, sitwayen te rete epi yo remake yon avyon militè kanadyen CP-130, ki gen rada ladan l (ki pèmèt li vole wo epi katografye divès kote fyèf gang yo loje), siyone kèk zòn an Ayiti 04 fevriye 2023 a. Sébastien Carrière ki se Anbasadè peyi Kanada an Ayiti, te fè konnen se yon pa anplis nan bourad y ap bay pou rezoud kriz Ayiti a. De plis, Kanada te anonse yon bato k ap antre Ayiti, ki, malerezman pa ko janm rive.

Responsab epi Prezidan Direktè Jeneral jounal anliy Centre à la UNE nan, jounalis Sadrax Ulysse, ki te deja prevwa entènasyonal la ap woule Ayiti nan farin, te pibliye yon editoryal nan dat 26 oktòb 2022, ki gen tit sila : Nan plede tann blan, otorite Ayiti yo fin tounen pwa tann, pandan pèp la pa ka tann.

Aprè tout rale mennen vini sa yo, se avèk gran etonman sitwayen Ayisyen aprann peyi Kanada fè konnen malerezman, li gen responsablite pou lame li a al pote èd bay peyi Ikrèn k ap batay ak Larisi. Paralèlman, y ap tou pote solidarite yo bay OTAN ki se òganizasyon ki lye yo ansanm, ki ede yo defann tèt yo youn lòt. Konsa, tout diskou yo chanje lè chèf eta_majò a fè konnen yo pa gen ase resous pou voye yon lòt misyon an Ayiti aprè sa ki prale nan peyi Ikrèn yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...