Washington mande pou kout bal yo sispann tire nan Ikrèn pa mwayen nenpòt inisyativ lapè Prezidan Larisi a Vladimir Putin ak tokay Chinwa li a Xi Jinping ka ankouraje pandan reyinyon yo nan Moskou soti 20 pou rive 23 mas 2023 a.

Daprè kòdonatè pou Kominikasyon Estratejik nan Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, John Kirby, Larisi ak Lachin gen entansyon «re-ekri règ yo nan jwèt la atravè lemond.»

Kirby te di nan yon entèvyou sou Fox News dimanch sa «Se de peyi k ap dewoule kont lòd entènasyonal ki baze sou règleman sa a Etazini ak anpil nan alye ak patnè nou yo te konstwi depi nan fen Dezyèm Gè Mondyal la.»

Daprè ansyen ofisyèl la, Mezon Blanch pral tann rezilta rankont Xi ak Poutine nan, li remake dènyèman tou de nasyon yo te ogmante koperasyon yo ak relasyon yo.»

«Nou te di anvan, epi nou pral di li ankò jodi a, si nenpòt kalite apèl pou yon sispann tire soti nan reyinyon sa a, byen, sa pral inakseptab paske tout sa li pral fè se ratifye konkèt Larisi a jodi a.» Selon sa Kirby te di.

Li ensiste tou Washington espere Lachin kenbe liy kominikasyon yo ouvè ak Prezidan Ameriken Joe Biden epi kontakte tokay Volodymyr Zelensky, pou konprann pozisyon Kyèv yo. «Nou espere, e nou te di sa anvan, Prezidan Xi rele ak pale ak Prezidan Zelensky, paske nou panse Chinwa yo bezwen gen pèspektiv Ikrenyen yo.» Toujou deklarasyon Kirby.

Nan fen mwa fevriye a, Lachin te prezante yon plan pou rezoud konfli a nan Ikrèn. Dokiman an gen 12 pwen, pami yo se re-ouvè dyalòg, sispann tire ak leve sanksyon kont Larisi.

«Moskou akeyi pwopozisyon an ak volonte Peken pou rezoud konfli a pasifikman. Sepandan, plan an te rankontre dout Loksidan, e puiske Poutine te bat bravo pou li, kidonk ki jan li ta ka bon?» Se deklarasyon prezidan meriken an, Joe Biden.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar