2 moun mouri nan Saint-Helène lokalite Monchil nan Jakmèl Ayiti. William Lubin akonpaye yon ekip moun kagoule epi ame, debake kay manman pitit li ki se Sheelove Alexandre, ki gen yon bebe 3 mwa, touye l ant lendi swa pou louvri madi 21 mas 2023 a, aprè sa William pann tèt li. Se sa medya nan zòn nan esplike.

Divès sitwayen yo nan zòn Sainte-Hélène nan fè jounal yo konnen se ta yon ka jalouzi ki pouse William komèt krim sa yo, ki, poutan, pa t oblije rive jis la, puiske li te ka antann li plizyè lòt fason ak madanm li.

William te ale kay paran demwazèl la, kote li te pran pitit li gen ak fi a, yon timoun gen sèlman 3 mwa. Apre li fin pran l, li te ale ak li epi li te depoze pitit la lakay li, toujou selon medya lokal yo.

PUB

William trangle Sheelove ak yon riban, se sa divès imaj trè chokan montre nan kad foto sitwayen yo nan zòn nan tè fè pou rann enfòmasyon an rive sikile ak tout prèv.

Aprè sa, William te deside touye pwòp tèt pa l tou, paske li te pann tèt li, pandan li genyen yon manda arestasyon pou yon tantativ li te fè pou touye yon ti frè l, daprè divès enfòmasyon ki disponib.

Finalman, daprè Sonia Nelson ki se manman Sheelove Alexandre, pitit fi li a te toujou konn nan diskisyon ak William, akoz abi li te konn soufri, se rezon sa a menm ki fè Sheelove te kouri kite kay William Lubin pou ale kache lakay paran li.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...