Tchadensky Jean-Baptiste se non jèn Etidyan sa a ki mouri anba kout bal nan Pòtoprens jounen madi 21 mas 2023 a. Tchad ki te nan 4èm ane Lèt Modèn nan inivèsite Leta a, mouri kite yon ti bebe. Lanmò sila raple sitwayen yo asasina jèn etidyan trè fouge, Gregory Saint-Hilaire, nan dat 02 oktòb 2020.

Divès temwayaj zanmi Tchad pataje ak jounal Centre à la UNE, fè konnen jèn etidyan an pa t sèlman ap etidye Lèt Modèn nan inivèsite Leta a, men tou li se yon pasyone pou teyat, e dayè, gen anpil posiblite pou se pandan l ap soti nan repetisyon, li rive pran yon bal. Kouri ak li lopital, malerezman li rive travèse.

Sou tout rezo sosyal yo, sitwayen yo, sitou kanmarad Etidyan Tchad yo, pa sispann kriminen Leta Ayisyen, kòm premye gran responsab disparisyon tout kategori nan sosyete a, yon ka ki pa gen eksepsyon menm pou Etidyan yo. Èske tout kouch nan sosyete a ap kontinye pran 2 je ap gade fason ensekirite a ap mache sou mas defavorize a sitou ?

Pou anpil nan moun k ap kòmante yo, yon peyi kote minis Jistis la, Emmelie Prophète Milcé, mande pou chak sitwayen defann tèt yo fas ak moute galopant ensekirite a, anplis minis la tonbe dakò gen espas nan peyi l ap dirije a pezib sitwayen pa fouti mete pye, jistifye aklè rezon sitwayen sa yo pa sispann tonbe anba kout bal ak atwosite ensekirite a. Kisa entènasyonal li ki toujou ap fè gwo gòj nan di y ap ede Ayiti di anfas tout zak malonèt sa yo ?

N ap raple, jou vandredi ki 02 oktòb 2020 an, ajan inite SWAT nan Pòtoprens ti asasinen jèn etidyan trè fouge Grégori Saint-Hilaire nan espas inivèsite a menm. Madi 21 mas 2023 a, se tout pa etidyan finisnan Tchadensky Jean-Baptiste ki kite yon ti moun sou bra yon manman pou kont li. Ki donk, moun yo rele entektyèl nan peyi a ak tout inivèsite ap kite tout bèl tèt sa yo disparèt?

Nan sans sa a, èske jan anpil moun toujou kwè li a, leta Ayisyen se youn nan leta ki renmen asiste ak san popilasyon an ap koule nan tout rigòl ak sou tout pil fatra nan tout peyi a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...