Vis prezidan peyi Salvadò a, Felix Ulloa, anonse yo pral ouvri yon biwo Ayiti, suit ak yon akò ki jwenn ant Atiel Henry ak Prezidan Nayib Bukele, ki pa sispann kraze gang nan Salvadò. Vis prezidan an fè deklarasyon sa yo samdi 25 mas 2023 a, nan kad 28èm somè «Ibero-Américain» an. Vis prezidan an di twòp diskou sou dosye Ayiti a, se tan pou gen aksyon ki poze, selon jounal Diario Libre.

An fèt, akò sa p ap etone sila ki gen chans suiv politik peyi Salvadò a, nan sa ki gen pou wè ak detui gang. Nan yon premye tan, peyi Salvadò te manifeste volonte pou l ede Ayiti konbat gang yo, kote nan dat 26 janvye 2023, menm Félix Ulloa ki se vis prezidan peyi a, te eksprime volonte prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, ki prè pou l enstale yon biwo an Ayiti, nan sousi pou ede gouvènman Ayisyen an batay kont krimnalite k ap ravaje peyi a.

Pou yon dezyèm fwa, nan kad yon lòt entèvyou Vis Prezidan Salvador a, Felix Ulloa, te akòde ak jounal Miami Herald nan dat lendi 30 janv 2023 a, li te montre aklè tout entansyon Salvadò genyen pou ede Ayiti konbat gang ame yo e pasifye peyi a. Pi lwen, men sa li te deklare nan menm okazyon an: «Salvadò rete mobilize pou ede yon peyi frè. Peyi frè sa a, se Ayiti».

Depi nan 07 oktòb 2023 Ariel Henry te fin envite kominote entènasyonal la pou ede AYITI soti nan kawo li twouve l la, peyi sa yo pa sispann ridikilize Ayiti, jiskaske nan dat jedi 16 mas 2023 a, aprè peyi Kanada ki te di lame li a pral ede peyi Ikrèn anfas Larisi, yo p ap gen ase resous pou voye AYITI, Lafrans, atravè anbasadè Fabrice Morice, te fè konnen, e n ap site: «Okenn sòlda fransè p ap antre Ayiti pou vin batay kont gang yo.»

Kisa popilasyon Ayisyèn nan ka atann de nouvo akò sila ki jwenn ant Salvadò ak Ayiti, ki, poutan twouve li a kèlke 1 h 30 minit de peyi Etazini?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...