Se sou sit ofisyèl gouvènman Kanada a, Premye Minis Justin Trudeau anonse jedi 30 mas 2023 a, li diskite ak Prezidan Dominiken an, Luis Abinader sou kriz ensekirite ak sosyo-politik Ayiti a.

Nan diskisyon sila de (2) prezidan yo di yo konsyan de degradasyon kriz la e yo swete vrèman pou Ayiti retounen sou chen estabilite a.

De (2) responsab yo pandan echanj la fè konnen yo regrèt sa ki ap pase Ayiti a, yo profite pou di y ap kontinye pote sipò yo pou jwenn yon solisyon ak kriz la pandan y ap kontinye egzije moun ki nan koripsyon, blanchiman, dròg ki ap finanse gang yo kont.

Justin Trudeau ak Luis Abinader fini pou di yo ap kontinye koperasyon ant 2 peyi yo pou ede Ayiti jwenn mwayen pou soti nan kriz la.

Plizyè obsèvatè Ayisyen ak estrikti politik tankou Koletif Ansyen Palmantè Opozisyon ak Alye ( CADOA) pa sispann kritike entènasyonal la ki itilize kriz Ayiti pou fè chantay ak cho diplomatik.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....